Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

10 prizonye mouri, 4 polisye blese, 6 zam rekipere,se bilan tantativ evazyon nan prizon Kwadèboukè a

10 prizonye mouri,4 polisye blese,6 zam rekipere,se bilan tantativ evazyon nan prizon Kwadèboukè a
Getting your Trinity Audio player ready...

10 prizonye mouri, 4 polisye blese, 6 zam rekipere, se bilan tantativ evazyon nan prizon sivil Kwadèboukè a yè vendredi 31 desanm 2021 an .

Yon tantativ evazyon anndan prizon sivil Kwadèboukè a , yè aprèmidi 31 desanm lan, lakoz 8 prizonye mouri sou plas plis 2 lòt mouri pandan yo t ap fè dilijans pou ale lopital ak yo epi 4 polisye blese (2 blese grav, 2 lòt yo gen blesi lejè), 6 zam rekipere (twa pistolè, 2 douz ak yon M4), prizonye yo te mete dife tou nan depo manje a ak kafeterya a . Bilan sa se aprè konsta jij de pè Annyl Civil ki te rann li sou plas aprè evennman sa te fin pase yo .

Selon enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Juno7 la, zak sa yo pase nan aprèmidi vè 5 è . Prizonye yo te gen twa zam nan men yo pou mennen atak sa. Prizonye yo te pran 4 polisye ak yon enfimyè an  otaj tou, se la yo ta pral kòmanse tantativ evazyon yo. Menm gwoup prizonye sa yo, te arive gen posiblite rantre nan biwo chèf de pòs prizon an epi pran 2 douz ak yon M4 ki ta pral ogmante kantite zam yo pou  mennen atak yo kont ajan APENAH yo.

10 prizonye mouri,4 polisye blese,6 zam rekipere,se bilan tantativ evazyon nan prizon Kwadèboukè a

Aprè alèt evazyon an te fin lanse anndan prizon an, direktè APENA René Pierre François te fè kontak ak wo Kòmandman lapolis la ki ta pral voye yon kontenjan ajan inite espesyalize ki gen ladan l CIMO, Swat-Team, BRI, BLVV, BLTS. Inite espesyalize sa yo te rive a tan epi metrize sitiyasyon an epi rekipere zam ki te nan men gwoup prizonye  sa yo. Sa ki ta pral mennen echèk ak evazyon sila. Se nan moman sa 10 prizonye ta pral mouri nan echanj kout zam ak lapolis . Byen avan inite espesyalize yo te rive, ajan APENAH yo te riposte kont gwoup prizonye sa yo pou anpeche gwoup prizonye sa yo sove.

Nan kan lapolis la, 4 polisye blese (youn pran bal nan pye epi lot nan tèt ). Pou enfimyè 

ki te an otaj la, li pa gen anyen sèlman li te twomatize daprè enfòmasyon jounal la konfime.

Aksyon sa yo pase nan moman komisè gouvènman Kwadèboukè a, met Roosevelt Zamor te twouve l anndan prizon an. Li te twouve l nan espas la pou planifye yon odyans sou kesyon detansyon prevantiv pwolonje a. 

Konsènan twa zam ki te twouve nan men gwoup prizonye yo, otorite lapolis  yo pa an mezi konfime kote zam sa yo pase pou rive jis nan men prizonye yo. Lapolis gentan louvri yon ankèt pou konnen kijan zam sa yo fè rantre. 

Sitiyasyon sa te kreye gwo panik yè deyò prizon an kote te gen anpil kouri. Aprè operasyon inite espesyalize yo, tout bagay te retounen nan nòmal ni deyò ak anndan prizon an.

10 prizonye mouri,4 polisye blese,6 zam rekipere,se bilan tantativ evazyon nan prizon Kwadèboukè a

Dekouvri plis:

États-Unis: condamné à 110 ans de prison, la peine du chauffeur de camion est réduite à 10 ans

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Des individus armés s’affrontent avec des agents de la PNH sur le Champ de Mars, des blessés sont...

Sécurité

Getting your Trinity Audio player ready... La PNH annonce l’arrestation de Jean Bernard Joseph pour son implication presumée dans le dossier relatif à la...

Sécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Saisie d’armes et de minutions au port du Cap-Haïtien: Wilmane Jean et Barthol activement recherchés par la Police...

Sécurité

Getting your Trinity Audio player ready... La Douane saisit une cargaison d’armes et de munitions illégales dans le port du Cap-Haïtien Les services des...