Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

15 desanm jou fèt li, Kimberly Pierre ap pare pou inogire yon estidyo pou pale espò sou rezo a

15 desanm jou fèt li, Kimberly Pierre ap pare pou inogire yon estidyo pou pale espò sou rezo a

Carel Pedre gen pwòp estidyo l, Guy Wewe resamman fè youn, Kimberly Pierre ki s on jèn kwonikè espòtif ap inogire jodi madi 15 desanm lan ki se jou fèt li, yon estidyo.

Nan yon ti pale ak li, kwonikè sa ki genyen 27 tan sou tèt li fè nou konnen li t ap karese ide estidyo sa depi an mas pandan peryòd kowona a. Kote li te di tèt li sou rezo a gen Carel, Guy Wewe ki plis kiltirèl epi l te di fòk li fè live ki chita sou espò

“Ide sa vini apati mwa mas. Nan entènèt lan gen Carel, gen Guy Wewe ki se 2 pèsonalite enkontounab nan zafè rezososyal epi m te di tèt mwen poukisa mwen menm mwen pa kapab fè yon bagay tou ki pa fòseman se politik, kiltirèl sou rezososyal la”.

Kimberly Pierre divòse ak Pacific 13 novanm pase a Kote l te entegre medya sa 14 jiyè 2015. Apre 5 kan, mesye Kimberly deside ale paske l santi te g on mezantant ak pwojè li a bò kote direksyon jeneral estasyon sa ki te oblije li kraze kite sa, selon eksplikasyon li bay

“Nan dosye Pacific lan te gen yon movèz konotasyon bò kote direksyon Pacific la lè m te deside pran inisyativ pèsonèl ki se pwojè pa m. Vin g on moman kote pwojè pa m vin yon ti kras deranje enstitisyon an epi mwen jije nesesè si pwojè pa m deranje enstitisyon an pandan m te toujou kwè pwojè pa m nòmalman apriyori pa ta sipoze deranje yon enstitisyon ki vle jenn pwogrese eben mwen kraze kite sa paske avantou se bonè w”.

Oparavan Kimberly Pierre pa t gen estidyo, se nan espas televizyon Pacific li te konn fè live Facebook yo ki te kòmanse a 10 moun k ap swiv, monte 100 epi menm rive 2000 moun pafwa selon sa l di. Atant li de nouvo estidyo sa se pale espò avantou jan l te konn abitye fè l epi ofri jèn yo platfòm sa pou vin pale espò

“Yon jèn kapab genyen platfòm Kimberly a pou vin pale espò, pou vin di sa l panse pou espò kapab fèt yon lòt fason paske jodia gen anpil jèn ki gen talan men yo pa gen aksè ak radyo oubyen tele pou yon rezon oubyen yon lòt”.

Jodia Kimberly Pierre arive mete yon estidyo kanpe pandan l te soti nan Signal FM bò kote defen Jimmy Menard ki mouri, pase nan Pacific fè 5 kan epi vini ap estidyo l jou fèt li pou pale espò sou rezo a kote l ap itilize zouti sa byen. Nan sans sa li envite jèn k ap pran rezo a pou fè bagay negatif, malsen pou chanje konpòtman.

“Jodia mwen kwè ke dwe gen yon priz de konsyans kolektiv nan mitan jenès la pou n bay yon lòt mesaj. Mwen menm mwen fèl, mwen espere yon pakèt lòt jèn pral vin fè l tou paske nòmalman vi an pa estatik li dinamik tout sa w fè w ap wè l.

15 desanm, 27 tan pou Kimberly Pierre, yon estidyo pou fè live Facebook yo. Redaksyon Juno7 la swete l yon bon rekòt kafe epi siksè nan nouvo ak fiti pwojè li yo

Dekouvri plis:

Pradel Henriquez rend visite aux prisonniers du pénitencier national

Plus de contenu