Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

2 ond twopikal kòmanse fè enpak nan kèk depatman anndan peyi a

2 ond twopikal kòmanse fè enpak nan kèk depatman anndan peyi a
Getting your Trinity Audio player ready...

2 ond twopikal kòmanse enpakte plizyè depatman anndan peyi Dayati .

Nan yon nouvo bilten meteyowolojik, otorite yo enfòme gen 2 ond twopikal. Youn twouve l sou pati Ès peyi Kiba, lòt la retwouve l sou kanal La Mona, se 2 ond twopikal sa yo ki enpakte Gwo antiy yo ki lakoz plizyè depatman anndan peyi a touche.

Lapli getan kòmanse tonbe, gen gwo kout loraj. Depatman ki plis sansib yo se Nòdès, Sant, Latibonit, Lwès ak tout rejyon Sid lan.

Pou Pòtoprens ak kèk zòn ki antouwe l, lapli deja te koumanse ap tonbe, van te soufle ak loraj ki t ap gwonde.

Lanmè a se pran prekosyon sou zòn kotyè Nò, Gòlf Lagonav ak zòn kotyè Sid parapò ak gwo van ak loraj, selon sa bilten meteyo a mande.

Li t ap enpòtan pou n pa rete anba pye bwa, pa kanpe kote fenèt ki gen vit, pran tout dispozisyon pou n pwoteje tèt nou, selon bilten meteyowolojik la.

2 ond twopikal kòmanse fè enpak nan kèk depatman anndan peyi a

Dekouvri plis:

Vilaire Rozier batè gwoup K-Dans lan toujou nan men ravisè yo, manager gwoup la ap resevwa menas

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu