Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

3 mwa apre asasina mèt Dorval, plizyè avoka òganize yon sitin pou kontinye mande jistis

3 mwa apre asasina mèt Dorval, plizyè avoka òganize yon sitin pou kontinye mande jistis

Samdi 28 novanm lan fè 3 mwa depi Batonye lòd avoka a, Mèt Monferrier Dorval te asasine anndan lakay li, nan Pèleren 5.

Nan okazyon an, plizyè avoka nan bawo Pòtoprens te òganize yon sitin sou separatè ant Palè Nasyonal ak Kou Kasasyon pou kontinye mande yon komisyon ankèt entènasyonal endepandant, mande jistis ak mwayen pou jij la kapab mennen ankèt la.

Nan ti pale l nan mikwo laprès, nouvo batonye a ki se Marie Suzie Legros, egzije a CSPJ pou mete mwayen pou jij enstriktè a pou l kapab mennen ankèt la

“Dwayen tribinal sivil la ekri CSPJ pou mande l pou fè dwa a demann jij enstriktè a. Jiskaprezan nou po ko wè anyen fèt. Nou mande a CSPJ pou fè dwa a demann lan. Nou mande mwayen ak ankèt la pou kabinè jij enstriktè a epi bay jij enstriktè a mwayen pou l fè ankèt la” pandan l pwofite raple s on ankèt ki trè lou epi ki chaje anbranchman ladan l.

Mèt Antoine Maisonneuve ki t ap patisipe nan sitin sa pa t met dlo nan bouch li pou di ke zafè sitin ak manifestasyon p ap abouti ak anyen si n pa radikal epi serye nan demach yo

“Ke w te avoka, jounalis, pwofèsè, ouvriye depi n pa radikal, depi n pa serye nan demach sa yo, nou p ap jwenn satisfaksyon. Zafè sitin, zafè manifestasyon, zafè kouri pasi pala p ap bann satisfaksyon nan ansanm de pwoblèm ki gen nan peyi a jounen jodia”.

Pi lwen, avoka militan an fè konnen asasina mèt Dorval s on krim Leta, li te pwofite rale plizyè pwen pou eksplike sa l di a

“Tout egzanp yo montre se yon krim, yon asasina ki planifye nan Palè Nasyonal”. Li rale egzanp CIB (Konferans Bawo Entanasyonal) ki mande prezidan Jovenel Moïse mete yon komisyon ankèt entènasyonal, epi prezidan repiblik la pa vle daprè sa li di.

Li fè konnen tou jistis peyi a sou depandans Jovenel Moïse. “Se Jovenel Moïse ki kontwole aparèy jidisyè a. Komisè gouvènman an, dwayen yo, se Jovenel Moïse ki nome yo”.

Mèt André Michel sou bò pa l ale nan menm sans ak mèt Maisonneuve pou di s on krim Leta asasina mèt Dorval la ye pandan l rale prèske menm eleman mèt Maisonneuve te rale yo

“Retou asasen yo sou lye krim lan pou disparèt sèten eleman dosye a. Jovenel Moïse ki refize mete kanpe yon komisyon ankèt entènasyonal malgre egzijans plizyè avoka nan monn lan. Atak yo fè kont jij enstriksyon ki sou dosye a. Deplasman sèten pyès dosye mèt Dorval nan Kabinè enstriksyon. Tout se politik”, daprè mèt la.

Nan sans sa, André Michel deklare nan non tout opozisyon an ke l pwomèt ak avoka yo ap gen yon komisyon ankèt entènasyonal k ap fè pati pwojè gouvènman tranzisyon an. Pandan l raple Jovenel Moïse rete 70 jou sou pouvwa a.

Dekouvri plis :

Ajantin – Angletè: Maradona fè gòl a men, abit santral match sa ap bay detay

Plus de contenu

Justice

Assassinat de Jovenel Moise et de Me Dorval, le CSPJ rencontre les juges d’instruction en charge des dossiers et précise son agenda pour la...

Actualités

Sit-in des consommateurs devant la compagnie de téléphonie mobile Digicel contre l’augmentation des frais du retrait du service MonCash. Plusieurs dizaines de citoyens ont...

Justice

A l’ONU, l’ambassadrice Thomas-Greenfield demande justice pour les victimes de l’insécurité dont l’ancien président Jovenel Moïse et le bâtonnier Monferrier Dorval Devant le Conseil...

Justice

En charge du dossier d’assassinat de Me Dorval, le juge d’instruction Rénord Régis a remi sa démission.  Le juge d’instruction Rénord Régis qui était...