Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

4 moun mouri anndan yon kay nan Payan: lajistis di se “mò vyolan”, popilasyon an di kay la “ante”

4 moun mouri anndan yon kay nan Payan: lajistis di se "mò vyolan", popilasyon an di kay la "ante"

4 moun sou 7 ki t ap viv anndan yon kay ki twouve l nan Dadye, premye seksyon kominal Payan nan depatman Nip , bwè dlo bouch yo nan lannuit vandredi pou louvri samdi 19 jen 2021 an.

4 moun sa yo ke idantite yo pa revele se 2 adolesan, papa yo ak yon sèvant. Lòt 3 sivivan yo te kouri lopital an ijans.

Daprè sa nou aprann , moun sa yo ta mouri akoz kay kote yo t ap viv la ante, selon temwanyaj kèk abitan k ap viv kote dram sa pase a.

Mèt Jean Ernest Muscadin ki se komisè gouvènman Tribinal Premyè Enstans Miragwàn eksplike pou l di nan analiz li fè sou kò yon nan viktim yo, li remake yon nan moun yo sibi yon mò vyolan, li pèdi tan. Nan ka sa komisè a parèt septik ak koze kay ante.

Toutfwa, chèf pakè Miragwàn lan presize li aprann gen yon abitan nan zòn lan ki te avèti moun yo ke kay sa moun toujou ap di li ante. Mèt Jean-Ernst Muscadin nan ka sa anonse gen ankèt ki pral louvri pou konnen sikonstans lanmò 4 moun sa yo.

Yon dram ki parèt konplèks kote popilasyon an di se kay la ki ante, lajistis di se mò vyolan. N ap endike w viktim yo se abitan ki kite Matisan pou kesyon ensekirite ki vini enstale yo nan lokalite a, malerezman ki mouri.

4 moun mouri anndan yon kay nan Payan: lajistis di se "mò vyolan", popilasyon an di kay la "ante"

Dekouvri plis:

Le président du CSPJ, le juge René Sylvestre n’est pas mort

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu