Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

4è edisyon Ayiti Mizik Festival anile akoz Kowonaviris

Òganizatè " Ayiti Mizik Festival " yo lanse 4è edisyon an

Nan yon nòt ki soti madi 29 desanm lan, ki pote siyati Zigizag ak Abdias, òganizatè yo anonse ke Ayiti Mizik festival la anile, yon aktivite ki te sipoze fèt 2 janvye k ap vini la.

Anndan nòt sa, òganizatè yo fè konnen se ak tristès y ap anonse nouvèl anilasyon festival la akoz ogmantasyon kowona a.

Nòt la kontinye pou l di ke òganizatè yo gen obligasyon pou l pwoteje tout moun ki te aksepte san ezite pou patisipe nan gwo fèt mizikal sa, kise Ayiti Mizik Festival, pandan yo espere janvye 2022 a ap pi bon pou bay randevou ak piblik la.

N ap raple w pou edisyon sa moun ki t ap alonè se t ap Dadou Pasquet. Twa dènye edisyon yo wè Buzz, K-Niway ak Pierre Jean chanpyon sou sa k gen pou wè ak meyè prestasyon.

Dekouvri plis :

“Sezon powèm”, twazyèm rekèy powèm Joubert Joseph

Plus de contenu

Actualités

Òganizatè festival mizik ki batize “Ayiti Mizik Festival” yo prezante lendi 21 desanm lan anndan otèl El Rancho, yon konferans pou laprès pou lanse...