Connect with us

Hi, what are you looking for?

Tech

5 zouti pou jere kont rezo sosyal ou yo san grate tèt.

Nan dènye moman sa yo, zye anpil nan konpatriyòt nou yo komanse louvri sou enpòtans rezo sosyal yo genyen nan lavi yo. Kit se pou itilizasyon pèsonèl, kit se pou itilizasyon pwofesyonel, pifo moun pwosede yon kont sou yon platfòm kèlkonk.

Jodi n ap envite w dekouvri 5 zouti k ap pèmèt ou jere kont rezo sosyal ou yo fasil.

1. Later, yon zouti ki pèmèt ou kreye ak planifye Stati instagram

Later” se yon zouti ki pèmèt ou kreye  “Stories” sa nou rele “Stati instagram yo” li pèmèt ou optimize ak planifye lèw vle poste yo. Gras ak platfòm sa, ou ka edite foto ak videyo ou yo san tèt chaje, modifye tay yo epi òganize yo jan w vle, jis klise epi depoze. Se yon platfòm gratis li ye, men ou ka pase sou vèsyon peyan pou plis opsyon. Later disponib sou iOS ak Android.

2. Social Pilot, yon zouti pou w jere rezo sosyal ou yo sou yon sèl platfòm

Avèk Social pilot, ou kapab jere plizyè kont ke w genyen sou majorite rezo sosyal yo san w pa bezwen kite platfòm nan. Solisyon sa senp epi li efikas anpil sitou pou ajans medya sosyal yo k ap jere plizye kont pou plizyè kliyan. Li pèmèt ou planisfye pòs ou yo otomatik sou Facebook, Twitter, LinkedIn, Instagram, Pinterest e menm Google My Business. N ap raplew ke Social pilot se yon zouti peyan li ye, plan yo se apati de 30$/mwa.

 

3. Agorapulse, yon solisyon konplè ki senplifye jesyon rezo sosyal yo.

Agorapulse se yon platfòm ki trè byen panse, ki pèmèt ou jere prezans ou sou diferan medya sosyal yo. Zouti sa ki disponib sèlman sou web la, pèmèt ou santralize tout paj ak kont ou yo. Li kouvri tout bezwen stratejik medya sosyal ke w ta genyen, sòti nan piblikasyon pou rive nan rapò statistik. Seriz sou gato Agorapulse yo anpil, lè n konsidere ke li pèmèt ou gen yon jesyon konplè sou entèraksyon ak kòmantè ki fèt sou diferan paj yo, anplis programasyon pòs yo sou tout rezo sosyal ou yo. Li pa gratis men w ka eseye pandan 28 jou.

 

4. Sked Social, yon zouti konplè pou jere ak planifye piblikasyon sou rezo sosyal yo.

Al dekouvri zouti sa ki gen kapasite pou ede w jere ak planifye pos ou yo sou rezo sosyal tankou: Instagram, Facebook ak Twitter. Avèk Sked Social, ou kapab kreye yon kreno pou w pibliye kontni tankou foto, video oubyen Stati instagram epi voye yo nan yon lis datant. Pos yo ap pibliye otomatik nan lè ke w chwazi pou sa. Platfòm nan aksesib selman sou web la, e li pemet ou kreye kontni yo direkteman andan li gras ak yon editè foto ki genyen plis ke 60 filtè, stikè, zouti teks ak kolaj. Li trè bon pou mesye dam Freelancers yo, community managers yo, ajans ak antrepriz yo. Se yon zouti peyan ke li ye, òf yo kòmanse apati de 22$/mwa.

5. OnlyPult, yon zouti senp pou programe piblikasyon sou instagram.

OnlyPult se yon zouti ki pèmèt ou otomatize pos ou yo sou instagram, pandan w ap jis telechaje foto ak video yo direkteman sou konpitè ou. Ou ka planifye piblikasyon yo alavans epi pibliye yo nan tan reyèl. Seriz sou gato OnlyPult la se: Jesyon an menm tan plizyè kont nan menm fenèt la san w pa oblije chanje idantifyan. Ou gen aksè ak statistik tout kont kont san problèm, konsa wap ka swiv evolisyon abone yo. Li pèmèt ou swiv hashtags ki pi popilè yo konsa w ap ka entegre yo nan piblikasyon w yo. OnlyPult se yon sèvis peyan apati de $10.50/mwa. li disponib sou web ak app iOS ak Android

Plus de contenu

États-Unis

Une proposition de loi interdit les enfants de moins de 16 ans d’utiliser les réseaux sociaux en Floride. Le parlement de Floride a adopté...

Actualités

L’usage des réseaux sociaux des jeunes à l’ère du covid-19 épié par un groupe de chercheurs haïtiens. L’étude a été menée sous la direction...

Société

Kritike, apresye, ankouraje tou pa entènot yo, Jean Ebens Jerome anpil moun konnen sou non Bossbens se youn pami kèk ayisyen sou rezo a...

Tech

L’utilisation d’un seul numéro de whatsApp sur plusieurs appareil en même temps enfin possible sur la version betta pour Android. Une nouvelle fonctionnalité est...