Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

6 bagay gason ka manje pou rann “kòk” yo gwo

6 bagay gason ka manje pou rann "kòk" yo gwo
@Tchooko_92

6 bagay ki ka rann kòk gason vin gwo epi gen ereksyon ki long epi di.

Anpil gason toujou ap fè preyokipasyon pou gwosè manch yo epi enkyete sou andirans lan tou. Sa ki konn pouse kèk pran sibstans pou jere pwoblèm lan. Nan rechèch konbine redaksyon an fè, plizyè sit bay anpil bagay yon gason kapab manje pou rann kòk li gwosi, rèd epi gen bon andirans. Nan rechèch konbine sa, nou seleksyone 6 bagay.

1-Lay: Gen anpil moun ki pa twò fanatik lay, konsa tou gen moun ki jis bwè te yo fè ak po a. Selon yon etid, lay la kapab ogmante nivo testotewòn lan, ki vin pèmèt li amelyore fliks sangen nan zòn jenital la ki vin pèmèt ereksyon an fèt pi byen.

2-Zonyon: Gen moun ki renmen manje l kri, gen lòt moun ki pa renmen l ditou. Gen moun ki di tou li bon pou moun ki gen anndan bouch ki bay pwoblèm. Nan rechèch yo, zonyon an ede gason yo gen yon ereksyon ki pi long ak pi fò. Li ogmante tou volim sangen an epi fè kè moun fonksyone byen.

3-Pwavron: Li amelyore sikilasyon sangin lan nan zòn jenital la.

4-Melon: Si anpil moun gen tandans a manje melon pou desanm chalè, fwi sa gen yon travay byen espesyal li fè kote li pèmèt plis san ponpe nan ògàn jenital yo ki kapab tou amelyore ereksyon lakay gason.

5-bannann: Se yon manje ki chaje potasyòm. Li konbat kansè, li bon pou peze gaz. Li amelyore tou sikilasyon sangin lan epi ede gason genyen yon ereksyon ki pi di.

6-Zoranj: Menm jan grenadya bay bann jann anpil nèg toujou ap di sa. Zoranj pèmèt sikilasyon sangin lan amelyore ki ka debouche sou yon bon ereksyon.

Kidonk mesye pa bezwen tiye tèt nou nan konpoze boutèy ak achte sibstans pou kòk nou. Sekrè yo nan manje n ap manje yo!

6 bagay gason ka manje pou rann "kòk" yo gwo

@Tchooko_92

Dekouvri plis:

Inauguration de la Place de la communauté de Blanchard par la Fondation Barbancourt

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...