Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

7 fevriye: Kapital la leve tankou yon dezè

7 fevriye: Kapital la leve tankou yon dezè

Jodi dimanch 7 fevriye a, kapital la leve trè sispèk kote okenn aktivite p ap fonksyone, menm moun pa prèske gen sou twotwa yo. Yon kapital ki bay yon vizaj dezè.

Jan anpil obsèvatè te atann ak sa, kapital peyi a ak zòn ki anviwonnen l yo leve tankou dezè. Apre konsta sal redaksyon an, nou remake pa gen pyès machin prive k ap sikile pa menm bezwen pale de transpò an komen yo ki konplètman paralize. Se kèk grenn moto k ap monte desann nan laria.

Pòt legliz yo rete fèmen, makèt pa louvri, ponp gazolin pa fonksyone. Menm nan mache piblik ki sou gran wout yo pa gen twòp machann ki vin vann.

Channmas militan yo te koumanse chofe beton an kote yo t ap boule kawotchou, mete wòch epi menm arive boule yon drapo ameriken. Zòn Kafou Auewopò, gen militan ki koumanse rasanble pou lanse yon manifestasyon espontane pou mande depa Jovenel Moïse sou pouvwa a.

Granm bonè maten an, anpil sitwayen te fè konnen yo tande anpil katouch kote yo rete a. Plizyè kote tou gen kawotchou ki t ap boule. Gen anpil prezans polisye tou nan laria

Kapital la leve maten an konsa nan objektif dat 7 fevriye a ki pou anpil moun se dat manda Jovenel Moïse bout selon atik 134-2 konstitisyon an.

Dekouvri plis:

Le Juge Yvikel Dabresil, l’IG Marie Louise Gauthier et l’agronome Louis Buteau arrêtés pour complot

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Hija Djenicka Philippe ki gen 21 an mande èd pou l ka kite prizon fanm Akayè a. Hija Djenicka Philippe ki gen 21 lane...

Politique

La chaire Louis-joseph-janvier sur le constitutionnalisme en Haïti de l’université Quisqueya a publié, le 8 février 2021, une note sur l’expiration du mandat du...

Aktyalite AN KREYÒL

Jodi dimanch 7 fevriye a, plizyè militan te foule beton an epi lanse mouvman espontane nan plizyè kwen nan kapital la. Militan yo te...

Actualités

7 février 2021: Jovenel Moïse refuse de quitter ses fonctions Des axes routiers bloqués. Des pneus enflammés érigés dans plusieurs zones.  Haïti se réveille,...