Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

7 fevriye: Mèt André Michel deklare pa gen deba ankò, kawòt yo kuit

7 fevriye: Mèt André Michel deklare pa gen deba ankò, kawòt yo kuit
Foto: Ody Bien-Eugène | Juno7

Sektè Demokratik ak Popilè a bay jodi dimanch 7 fevriye a yon konferans pou laprès nan lokal li ki twouve l nan Dèlma 60.

Konferans pou laprès sa ki te gen sou tab la prezans Mèt André Michel ak ansyen senatè Nenel Cassy se pou te fikse pozisyon yo sou konjonkti politik aktyèl la epi arestasyon jij Yvickel Dabrézil ak plizyè lòt pèsonalite piblik.

Mèt André Michel ki se Pòt Pawòl Sektè Demokratik la kwè ke pa gen deba ankò sou kesyon 7 fevriye a paske kawòt yo kuit, li fè deklarasyon sa an referans ak resolisyon CSPJ a ki bay mo pa l tou sou kesyon manda Jovenel Moïse la

“Jodia pa gen deba, les carottes sont cuites définitivement. Le CSPJ, le pouvoir judiciaire dans une résolution qui porte la date du 6 février 2021, a constaté la fin du mandat constitutionnel de Jovenel Moïse. Menm jan lòt sektè nan peyi a, avoka, des congressman, le président de la commission étrangère du sénat américain, tout moun deja konstate l. Men la c’est le conseil supérieur du pouvoir judiciaire, c’est le pouvoir judiciaire qui en principe a le dernier mot dans tout conflit politique ou juridique, c’est ce pouvoir judiciaire qui a constaté la fin du mandat constitutionnel de Jovenel Moïse”, eksplike avoka a.

Pi lwen, avoka opozan pouvwa an plas la fè konnen apre rezolisyon CSPJ a, Jovenel Moïse ki twouve l aktyèlman nan vil Jakmèl pou kanaval nasyonal vil sa se yon ti vakabon k ap fè dezòd pandan l ensiste sou koze Jovenel Moïse pa prezidan peyi Dayiti .

“Ou wè jodia la Jovenel Moïse se yon ti vakabon k ap mache, k ap fè dezòd. Jovenel Moïse se yon ti vakabon k ap fè dezòd. Ou konn sa yo rele yon ti vakabon? Jovenel Moïse n’est plus président de la république au regard de la constitution, au regard des lois de la république, et surtout au regard de la résolution du CSPJ. Se yon ti vakabon k ap fè dezòd, se yon ti malandren k ap fè dezòd e nenpòt moun ka fout li yon souflèt nan djòl li”, deklare Mèt André Michel.

Fas ak tout sa l soulve yo, André Michel di sa deranje anpil lè l wè moun nan lajistis mete ak Léon Charles ap fè represyon sou moun pou fè Jovenel Moïse plezi

“Sa deranje nou anpil lè n wè moun nan lapolis, Léon Charles ap arete moun, ap fè represyon pou fè Jovenel Moïse plezi. Se kòmsi m ta di w nèg sa yo pa konprann wòl yo. An prensip, si Léon Charles pa t yon malpwòpte misye te sipoze arete Jovenel Moïse a midi a la”, kritike pòt pawòl sektè a.

Mèt André Michel te konyinye pou l di nan yon ti tan popilasyon an ap konnen non moun k ap gen pou ranplase Jovenel Moïse nan tèt peyi a.

Li ankouraje popilasyon an kontinye batay, kontinye okipe laria. Li fè konnen tou fas ak tèt rèd Jovenel ap fè nan pa vle kite pouvwa a, popilasyon an gen dwa koupe wout yo, bloke laria, fè manifestasyon espontane pou fè respekte konstitisyon an.

Dekouvri plis:

Le président du CSPN annonce 23 arrestations à Tabarre dont un juge de la Cour de Cassation

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Militan pati dèyè avoka André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste antèman jounalis Lilianne Pierre Paul. Antèman jounalis Lilianne Pierre...

Politique

Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) réitère son appui au Premier ministre Ariel Henry et à sa demande de déploiement d’une force multinationale en...

Aktyalite AN KREYÒL

Mèt André Michel fè konnen «Malfektè» pirate kont Twitter li, li pral ak dosye a DCPJ pou konn sa k pase. Lendi maten 19...

Actualités

Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une note publiée ce mercredi 26 avril...