Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

A 48 tan, François Jacques Gilorme deside patisipe nan egzamen filo

A 48 tan, François Jacques Gilorme deside patisipe nan egzamen filo

François Jacques Gilorme fèt 8 janvye 1972 nan komin Pòtapiman, depatman Sid peyi a. Aktyèlman li ap viv Pòtoprens nan yon lolalite ki pote non “site choun”, ki twouve l zòn Ravin Pentad.

Redaksyon Juno7 te rantre an kontak ak li pou konnen sa k motive l ale patisipe nan egzamen Filo a laj sa.

Egzamen Filo ap dewoule depi lendi pase a sou tout teritwa a kote l ap pran fen jedi 22 oktòb sa. François Jacques Gilorme ki gen 48 tan se youn pami elèv k ap konpoze nan filo a kote sitwayen an fè seksyon C. L ap konpoze nan lekòl “Coeur de Jésus” ki twouve l nan zòn  Dèlma 24. Daprè sa l di nou, li pa t gen chans swiv kou regilyèman pou ane akademik 2019-2020 an, men li te toujou konn ap travay ak kèk elèv ki se zanmi li, sa ki ta pral pouse l enskri nan lekòl “Collège Mixte Jean Marc Alexis” pou ka depoze pyès li pou al konpoze nan filo.

Li fè konnen tou sa k pouse l ale patisipe nan egzamen filo se paske li toujou ap karese rèv pou l vin avoka ak jounalis. Se rezon prensipal ki fè l deside ale konpoze epi pran chans li, daprè deklarasyon l.

Daprè eksplikasyon François Jacques Gilorme, li te pran baf nan reto epòk klas sa te nan egzamen ofisyèl. Ki fè li ta pral kanpe pandan yon bon tan sou koze lekòl klasik epi ale aprann mekanikoto nan lekòl pwofesyonèl “Coeurs-Unis”.

François Jacques Gilorme pa plenyen ditou de egzamen li deja fè yo pandan 3 nan 4 jou eprèv yo. Li fè konnen li debwouye l jan l kapab pandan l ajoute ke enspektè, siveyan ak elèv yo apresye l epi respekte l sa ki vin fè yo ede l nan fason yo kapab nan egzamen yo, daprè sa li di.

Li fè konnen li rete konfyan ke l ap reyisi nan egzamen an pandan li ajoute ke li ap karese rèv pou l avoka ak jounalis pou l ka plede pou sa ki pi fèb yo. Nan sans sa, li fè apèl a plizyè moun ki ta swete ede l pou l rive fè rèv sa reyalite apre egzamen filo a.

N ap note ke François Jacques Gilorme ap viv pou kont li, li pa gen ni madanm ak pitit, li p ap travay tou. Ale François Jacques Gilorme nan egzamen leta a laj sa montre a klè ke li pa janm twò ta pou moun reyalize rèv yo epi kòmanse yon lòt avanti nan vi yo.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Danje ki gen nan antibiyotik fanm ap pran pou netwaye vajen

Plus de contenu

Éducation

Le MENFP se dit satisfait du déroulement des épreuves du baccalauréat cette année. Lors d’un point de presse organisé sur la cour du collège...

Éducation

MENFP : plus de 118 000 candidats attendus au baccalauréat unique en Haïti du 31 juillet au 3 août 2023. Le ministère de l’Education...

Éducation

En moins de 36 heures, 19518 enseignants ont postulé pour intégrer la liste des personnels du bac cette année, selon Nesmy Manigat. Le processus...

Éducation

Haïti – Examens de 9eme AF: plus de 70 % de réussite dans 6 départements Le ministère de l’Éducation nationale et de la formation...