Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Afganistan: Taliban yo tiye yon chantè paske yo entèdi koze mizik

Afganistan: Taliban yo ki pa nan koze mizik tiye yon chantè

Afganistan: Taliban yo ki pa nan koze mizik tiye yon chantè

Selon medya CNN, Taliban yo bay Fawad Andarabi yon bal nan tèt. Yon aksyon ki fè anpil moun ap reflechi pi plis sou represyon rejim islamis la ki pran kontwòl peyi a nèt depi dimanch 15 out pase a.

Taliban yo pran chantè fòlklorik sa anndan lakay li, trennen l deyò epi tiye l ak yon bal nan tèt, selon sa yon jounalis lokal rapòte ak medya CNN epi releye pa plizyè sit etranje.

Soti 1996 pou rive 2001, mizik te entèdi nan peyi Afganistan pa Taliban yo paske islam entèdi mizik. Chantè fòlklorik sa mouri 27 out nan vale d’Andarab, yon zòn Fawad Andarabi te konn met lajwa nan kè abitan yo ak mizik li yo, selon sa ansyen minis enteryè afgan an Massoud Andarabi rapòte sou kont Twitter li pou denonse zak Taliban yo tou.

Rejyon sa kote chantè afgan an soti a nan gè depi 2 semèn kote kèk fòs rezistans ap twoke kout zam ak Taliban yo ki ap enpoze lwa yo chak jou ki jou epi pase dwa moun anba pye.

Afganistan: Taliban yo ki pa nan koze mizik tiye yon chantè

Dekouvri plis:

Séisme: le gouvernement lance les ateliers techniques du PDNA

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu