Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Afganistan: Yon avyon ameriken ki ka pote yon santèn pasaje, dekole ak 640

Afganistan: Yon avyon ameriken ki ka pote yon santèn pasaje, dekole ak 640

Yon avyon US Air Force dekole à 640 pasaje nan ayewopò Afganistan pandan l gen kapasite pote yon santèn

Plizyè sit jounal pami yo Yahoo.com rapòte 640 moun monte abò yon avyon US Air Force depi nan peyi Afganistan pandan ke avyon sa gen yon kapasite pou vole ak yon santèn moun senpman.

Nan ayewopò Kaboul se panik kote plizyè milye afgan melanje ak etranje anvayi ayewopò sa nan lide pou kite peyi Afganistan pa tout mwayen ki posib depi lè Taliban yo anpare de peyi sa 20 lane aprè ke yo te fin chase yo.

Gen yon videyo ki t ap sikile sou rezo a ki vizyone konbyen milyon fwa, sou tamak ayewopò Kaboul la, nou te ka remake yon avyon US Air Force ki t ap pare pou dekole, moun te anvayi l, ap chache grenpe l nan objektif pou dekole ak yo. Nou pa an mezi konfime si se menm avyon sa ki pran vòl ak 640 moun.

Imaj ki montre pil moun nan avyon ki pote 640 moun lan se Defense One ki pibliye li pou di 640 moun enstale nan yon US Air Force ki se yon C-17 Globemaster III ki te pare pou dekole depi ayewopò Kaboul, kapital Afganistan.

Depi dimanch panik ap fè raj nan peyi a. Taliban yo kontinye ap mache sou peyi a, popilasyon an ap viv nan perèz sitou timoun ak fanm yo ki pè pou pa sibi vyolans seksyèl, travo fòse.

Rezon ki fè moun ap pran lafwit pou chache lòt kote yon fason pou chape poul yo anba grif Taliban yo ki kounya gen kontwòl peyi a.

Afganistan: Yon avyon ameriken ki ka pote yon santèn pasaje, dekole ak 640

Dekouvri plis:

17 Août 1802: Toussaint Louverture arriva à Brest a bord du bateau le “Héros” en qualité de prisonnier et de déporté

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Afghanistan: les talibans ont interdit aux hommes et femmes de manger ensemble au restaurant dans la ville d’Hérat.  Les talibans continuent de faire parler...

Monde

Afganistan: les Talibans interdisent aux barbiers de la province Helmand de raser la barbe de leurs clients. Plusieurs médias étrangers ont rapporté que les...

Monde

Afganistan: Lekòl relouvri pòt sèlman pou gason, ti fi pa ladan l. Jodi samdi 18 septanm lan, lekòl relouvri pòt yo nan peyi Afganistan....

Monde

Taliban yo nan yon dekrè egzije pou etidyan fi yo pote vwal epi pa nan menm sal ak etidyan gason yo. Nan yon dekrè...