Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Afrik di Sid: Yon dam 37 lane fè 10 timoun yon sèl kou

Afrik di Sid: Yon dam 37 lane fè 10 timoun yon sèl kou

Gosiame Thamara Sithole, se non sidafrikèn 37 lane sa ki fè 10 timoun nan yon sèl akouchman lendi pase a. Sa ki posib pou tou fè l fè pati rekò Guiness.

Byen avan dam sa akouche 10 timoun sa yo, eskanè te montre se 8 timoun ki gen anndan vant li, selon eksplikasyon Teboho Tsotetsi ki se mari dam lan ki te pale nan mikwo Pretoria News.

Dam sa ki akouche 10 timoun sa yo, li fè 5 pa akouchman natirèl ki ta vle di nòmal epi 5 lòt kote se sezaryèn medsen yo fè li, daprè sa yon lòt pwòch li rakonte.

Byen avan 10 timoun sa yo, Gosiame te deja fè yon pòtre marasa ki gen 6 zan kounye a. Aprè l fin akouche 10 ti lèzang sa yo, enfòmasyon fè kwè li an bòn sante malgre 5 nan timoun yo fèt pa sezaryèn.

An 2009, yon dam nan peyi Tonton Sam te pouse 8 timoun. Mwa pase yo la, Halima Cissé yon malyèn pouse nan peyi Mawòk 9 timoun ki ap konpòte yo trè byen nan yon klinik mawoken. Kounya se Gosiame Thamara Sithole ki mete 10 deyò ki pouse Guinness Word Records ap ankete sou ka pa l la.

Dekouvri plis:

L’Eglise Episcopale d’Haïti réclame la libération de Kettely Desulmé et son chauffeur enlevés à l’Arcahaie

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu