Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Ajan maketing – Otorite yo dwe di yon mo.

Crédit photo: pourquoidocteur.fr

Nan yon bis ki fè trajè Kwadèboukè – Lavil, yon jèn gason kanpe ak yon gwo valiz nan men l l’ap prezante e vann pwodwi medikal. Li prezante l kòm yon ‘ajan maketing’…

Sou pakou nou, sa ka rive nou rankontre youn nan moun sa yo. Men èske nou konn’ poze tèt nou kesyon sou kote moun sa yo jwen dwa pou yo egzèse yon metye konsa, si nou kapab di yon metye, paske menm yo menm yo pa konn’ sa y’ap fè a.

Yon lendi maten, m’ap sòti pou m al nan aktivite m yo, nan bis mwen monte a te gen youn nan swadizan ajan sa yo, pou l prezante l (mwen te twouve sa tris) paske l te baze kredibilite l sou manti. Jèn gason sa te kòmanse di moun nan bis la li se reprezantan anpil gwo konpayi etranje e li te site kèk non ki pat gen pyès relasyon ak sa l ap fè a, non plis ak sa l ap vann yo. Sa te kapte atansyon m pandan kèk minit, konsa mwen te rann mwen kont li te kontinye ap bay manti. Li prezante yon pwodui ki ta dwe ap vann pou 45 dola ameriken, li pretann ke pwodui sa se selman di goud grenn konprime a vini, sa ki ta dwe bay gwo enkyetid paske yon revandè pa ka ap vann yon pwodui pi ba pri ke pwòp moun ki fabrike l la.

Li kontinye prezante lòt pwodui, tankou pwoteyin, sipleman alimatè e latriye… Kesyon an te toujou la nan tèt mwen : « Kote moun sa yo jwenn pwodui sa yo yo pretann y ap vann pou piyay la, kiyes ki ba yo dwa vann pwodui sa yo ?

Nan kad yon ankèt ki te fèt, yon manm nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an fè konprann ministè a pa konn anyen de moun sa yo. Sa te mennen nou al teste lòt teren, tankou Ministè Komès ki se youn nan lòt enstans ki gen pou wè ak koze sa, moun nou te pale ak li te fè konprann li pa gen bon jan enfòmasyon sou sa men, li pa kwè ministè a pa gen bon kontwòl sou dosye sa, li ta menm fè konprann yo pa okouran de aktivite sa yo. Poutan popilasyon an toujou ap fè fas ak moun sa yo.

Moun sa yo vann popilasyon an sa yo vle, jan yo vle, lè yo vle e pa gen pèsonn ki ap founi zye gade sa y’ap regle. Yo prè pou yo di w tout sa ki gen nan swadizan medikaman sa yo ak pwodui sa yo san yo pa di w ki laboratwa ki travay yo, m’ap mande èske yo menm konn’ sans mo laboratwa a. Poutan chaje gwo otorite nan leta k’ap touche pou sa, chaje gwo tèt ki nan biwo ki ta swadizan ap panse pou sa.

Yon lòt fwa ankò m’ap mande èske yo avèg ou byen se volonte a yo pa genyen ? Lavi ak sante popilasyon an san defans, li lage libelibè nan men atoufè ki fè sa yo vle avè l.

[views]

Plus de contenu