Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Aka selebre jounen Entènasyonal lang ak kilti kreyòl 

Ki lè n ap valorize lang kreyòl tout bon?

Aka selebre jounen Entènasyonal lang ak kilti kreyòl: lang kreyòl, lang fyète, lang rezistans

Jounen jedi 28 oktòb la se Jounen Entènasyonal lang ak kilti kreyòl ki selebre chak ane nan dat sa. «Lang Kreyòl tout kote san fòskote !» , se tèm sa Akademi Kreyòl Ayisyen kenbe ane a pou make evènman an.

Nan diskou Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen nan okazyon, Jean Pauris Jean-Baptiste fè konnen tèm sa a dwe reflete sitiyasyon nou kòm pèp ki fè fas ak yon reyalite sosyo lengwistik latwoublay alòske n ap viv kòm pi gwo kominote kreyolofòn nan monn lan.

“Lè Akademi Kreyòl Ayisyen pote tèm «Lang kreyòl tout kote, san fòskote!» se pa yon souwè, se plis pase sa. Se pito yon rapèl, yon fwote memwa, yon mesaj ki dwe atire atansyon tout moun – tout sektè kit se lekòl, legliz, inivèsite, sant rechèch, konsila ak anbasad Ayiti ki tabli nan divès kwen sou latè pou yo enplike yo nan fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an epi kore devlòpman li”, se sa misye Jean-Baptiste eksplike.

Li rapousib pou li di “Nan divès Anbasad Ayiti nan lòt peyi, fòk Anbasadè peyi Ayiti ankouraje etranje pale lang lan menm jan  Ayisyen nan dyaspora ap fè gwo jefò pou aprann pitit yo pale ak ekri kreyòl, se mete sant aprantisaj pou ede Ayisyen tankou etranje konnen lang kreyòl ayisyen an pi plis.”

Nan sans sa a, AKA ankouraje travay Sant N a rive, Sant Toussaint nan Monreyal; Eritaj kilti kreyòl, Espas kreyòl Etazini ak anpil lòt ki nan Amerik latin nan k ap travay kinalaganach pou kenbe banyè lang kreyòl la byen wo.

“Lang kreyòl la se zouti rezistans pèp ayisyen an, se mwayen, se zam pèp la itilize pou defann li, esprime espwa li, enkyetid li, desepsyon li, kè kontan li ak tout bon moman li”, se sa misye Jean- Baptiste raple pandan li presize “Nou dwe toujou goumen pou lang sila a layite kò li toupatou san baboukèt, san fòskote”.

Nan okazyon 28 oktòb la, AKA pa bliye salye tout pèp kreyolofòn sou latè, nan Karayib la ak nan Oseyan Endyen an ak tout Inivèsite ak Adminstrasyon peyi etranje ki ap pouse etid sou lang kreyòl oswa ki bay lang kreyòl yon nivo ofisyèl ou administratif.

“Ayiti se lidè kreyolofoni nan lemonn, Akademi Kreyòl Ayisyen  asire nou li ap travay di pou kore devlopman lang kreyòl la pou li toujou jwe wòl lidè li”, se garanti sa dirijan AKA bay.

Ki lè n ap valorize lang kreyòl tout bon?

Dekouvri plis:

EDSEG: des Étudiants finissants demandent le report des examens prévus pour les 29-30 et 31 Octobre

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

‏Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl: Yon gwoup jèn kreye yon sit rechèch ki gen 10 mil mo, 1 800 pwovèb ak 12 nosyon...

Aktyalite AN KREYÒL

Pou valorize lang kreyòl la, L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele “Ann Chante Kreyòl”. L’oriol Prodz...

Aktyalite AN KREYÒL

Lopital « Maternidad Nuestra Señora de la Altagracia » nan Santo Domingo itilize lang kreyòl pou oryante pasyan yo. Pou ede resòtisan ayisyen yo...

Éducation

Drid Antrepriz lanse yon konkou jeni k ap fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an. Nan kad yon konferans pou laprès lendi 27 jen an,...