Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Akademi Kreyòl Ayisyen lanse mwa lang ak kilti kreyòl ayisyen

Akademi Kreyòl Ayisyen lanse mwa lang ak kilti kreyòl ayisyen

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse mwa lang ak kilti kreyòl ayisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse yè jedi 8 oktòb la, nan lokal ministè   Kominikasyon sou Bwavèna, mwa lang ak kilti kreyòl an prezans minis kilti a Jean Emmanuel JACQUET. 

Lansman jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl ap selebre ane a anba tèm “Lang kreyòl tout kote, San fòs kote”. Nan okazyon an, minis kilti a te pwofite moman an pou salye jefò akademisyen yo li estime ki pa janm sispann travay pou bay lang lan dimansyon li merite a. 

Pi lwen, minis lan rete kwè tout moun kèkeswa koulè po, relijyon, yo dwe pale lang kreyòl la san diskriminasyon, san konplèks ki kapab angaje yon batay pou soti peyi a nan tchouboum li ye sa fè kèk tan.

Jean Emmanuel JACQUET kwè ke dwe gen yon gwo mobilizasyon bò kote enstitisyon anndan peyi a pou yo kapab wè nesesite pou fè kreyòl la tounen yon zouti Kominikasyon. Minis lan swete peyi a gen yon veritab pwodiksyon literè, pou gen yon batay pou tout dokiman ofisyèl yo redije an kreyòl tou.

Pi lwen nan diskou l la, minis lan rete kwè lang kreyòl la dwe gen menm trètman ak nenpòt lòt lang yo itilize nan lekòl, inivèsite, nan biwo piblik, nan tribinal…

Sekretè jeneral Akademi Kreyòl Ayisyen an, Rogéda Dorcé Dorcile mande ak enstitisyon yo pou pote sipò ak AKA pou lang lan layite kò l san fòs kote nan sosyete a. 

N ap raple w 28 oktòb se dat ki kenbe pou selebre jounen lang kreyòl la. Byen avan sa, anpil aktivite prevwa fèt, depi jodia gen yon vizyokonferans kote sijè k ap debat se inisyativ kreyolis nan diaspora a. L ap fèt sou zoom maten an soti 11 è pou 1 è.

Akademi Kreyòl Ayisyen lanse mwa lang ak kilti kreyòl ayisyen

Dekouvri plis:

8 octobre 1804: couronnement de Dessalines comme Empereur d’Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu