Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Almay: Akizasyon tonbe sou do yon enfimyè ki mete “dlo sèl” nan sereng vaksen Pfizer pou l bay moun

Almay: Akizasyon tonbe sou do yon enfimyè ki mete "dlo sèl" nan sereng vaksen Pfizer pou l bay moun

Yon enfimyè nan peyi Almay akize poutèt li mete dlo sèl nan sereng vaksen Pfizer bay moun

Yon enfimyè lakwa wouj nan peyi Almay gen akizasyon ki tonbe sou tèt li kòmkwa li ta mete dlo sale nan sereng vaksen Pfizer pou l bay moun, selon sa medya alman der Tagesspiegel revele epi releye pa sit Yahoo.com

Anviwon 8 600 moun nan Nò peyi Almay arive pran vye dòz dlo sale sa. Sa ki fè otorite konsène ki t ap sansibilize yo pou yo vaksinen refè apèl ak tout moun sa yo pou vin pran yon nouvèl dòz vaksen paske pa enfimyè a pa bon.

Aksyon sa pase nan yon sant vaksinasyon nan peyi Almay ki pote non Schortens-Roffhausen. “Mwen totalman choke pa ensidan sa”, se sa Sven Ambrosy ki se administratè awondisman kote sa fèt la poste sou paj Facebook li.

8 600 moun sa yo ki resevwa dlo sèl la, majorite ladan yo gen 70 an, yo resevwa dòz la nan men enfimyè a epòk vaksen an te pou moun ki nan laj sa yo, epòk mas ak avril.

Selon polisye ki sou ankèt la, yo poko ka defini rezon ki ta pouse enfimyè a fè sa. Men plizyè piblikasyon enfimyè a ke non l pa devwale te konn mete an dout koze vaksen kont kowonaviris la.

Zòn kote sa fèt la ki se awondisman Frise, otorite yo fè konnen y ap fè tout posib yo pou moun ki te pran dlo sèl nan plas vaksen Pfizer a vaksinen rapid.

Selon dènye chif ministè sante nan peyi Almay mete deyò 52,1 milyon alman resevwa premye dòz vaksen yo a, sa vle di 62,7% popilasyon an vaksinen.

Almay: Akizasyon tonbe sou do yon enfimyè ki mete "dlo sèl" nan sereng vaksen Pfizer pou l bay moun

Dekouvri plis:

Journée internationale de la jeunesse: les Nations Unies appellent à l’encadrement des jeunes Haïtiens

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Consommer du cannabis en Allemagne sera légal dès le 1er avril.   C’est une information qui va faire couler beaucoup d’encre dans le monde....

Monde

De la bière coule directement dans le robinet des chambres d’un hôtel en Allemagne. L’hôtel zur Malzmühle situé à Cologne, en Allemagne, a trouvé...

Sports

Le Japon avec 18% de possession renverse l’Espagne et s’empare de la première place, l’Allemagne éliminée malgré sa large victoire contre le Costa Rica....

Sports

Des supporters japonais nettoient le stade après le match du Japon face à l’équipe allemande. Des supporters japonais ont nettoyé ce mercredi le stade...