Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Itali: Akoz rasis, Seid Visin ekri yon lèt pou eksplike mizè l aprè li tiye tèt li

Itali: Akoz rasis, Seid Visin ekri yon lèt pou eksplike mizè l aprè li tiye tèt li

Seid Visin se non jèn gason 20 lane sa ki se yon ansyen jwè nan akademi klèb foutbòl Milan AC, li tiye tèt li pou koze rasis.

Jwè sa ki gen orijin li an Etyopi mouri vandredi 4 jen 2021 an. Yo ta pral dekouvri kò li ak yon lèt bò kote li epi li te pran swen ekri pou esplike diskriminasyon li te konn sibi .

Anndan lèt sa, Seid Visin eksplike pou di tout kote lap ale, tout kote li ye li santi yon rega “septik” sou li ki ta vle di moun gen dout sou li sou abiman l, jan l ye, koulè po l. Se tankou yon bagay te chanje nan li selon sa l eksplike. Fas ak sa yo se kòmsi li vin santi yon santiman lawont paske l nwa, selon sa l retrase anndan lèt la.

Toujou nan menm lèt sa, Seid Visin eksplike pou fè konnen li te jwenn yon travay men li te oblije kite l. Rezon an se paske anpil moun sitou sa ki pi aje yo te refize pran sèvis nan men l. Selon sa l ekri yo, yo akize l se li k fè anpil jèn italyen pa ka jwenn travay.

Fas ak tout sa yo, viktim lan eksplike li te menm twouve l nan obligasyon fè blag sou nwa parèy li, yon fason pou moun ki pa konnen l konnen ke l se blan, se italyen li ye epi pou l te ka montre blan yo li sanble ak yo.

Seid Visin fèt an Etyopi an 2000, epi pandan l gen 7 lane li tap ale adopte pa yon fanmi italyen kote l pase yon anfans ere. Li te getan gen chans jwe nan ekip jèn Milan AC a kote l te kotwaye Gianluigi Donnarumma ak Manuel Locatelli. Li te pote koulè yon klèb futsal nan seri D italyen an.

Itali: Akoz rasis, Seid Visin ekri yon lèt pou eksplike mizè l aprè li tiye tèt li

Dekouvri plis:

End: Yon dam ki pral marye mouri pandan maryaj la, mesye a marye menm kote a ak yon sè mò a

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Petit-Goâve: un adolescent de 12 ans s’est suicidé avec une arme à feu Wilgens Kerry Jean Jacques, âgé de douze ans, s’est suicidé le...

Nécrologie

Christine Alizé Jean-Jacques, la fille aînée de l’homme d’affaires Éric Jean-Jacques, s’est suicidée à New York. Christine Alizé Jean-Jacques, fille aînée de l’homme d’affaires...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon elèv NS1 nan lekòl Mè Boudon tante tiye tèt li paske li pa pase, swivi sikolojik gen pou fèt pou li Yon elèv...

Aktyalite AN KREYÒL

Johnson Belizaire se non yon polisye 29è pwomosyon ki te afekte nan inite CBIM ke abitan nan Akachon 32, komin Kafou dekouvri ki mouri...