Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

An kreyòl : 11 moun pèdi lavi yo, 7 lòt disparèt nan yon aksidan bato nan peyi Nijerya

Gen o mwen 11 moun ki pèdi lavi yo aye vandredi a nan yon aksidan bato nan zòn Bukuru nan peyi Nijerya ki twouve’l nan Afrik Lwès. Daprè sa otorite nan peyi sila fè konnen jodi samdi a.

Pòt pawòl NIWA ki responsab sa ki gen pou wè ak navigasyon sou lamè a konfime ke gen 7 lot moun ki te nan bato a ke yo pa jwenn. Li di ke gen 12 nan pasajè yo sekouris yo te rive sove lavi yo. Sekouris yo toujou ap chache 7 lòt moun yo. Yon lòt responsab nan peyi sila fè konnen ke bato a te twò chaje , li te pote 30 moun, epi pa gen youn ladan yo ki te gen jile sovtaj.

Li ale pi lwen, kote li fè konnen ke bato ki fè aksidan an te fèt pou pote machin, men mèt li te transfòme li ilegalman pou li ka fè trafik avèk li. Sa ki lakòz 11 moun pèdi lavi yo e 7 lòt disparèt.


• Atik sila pibliye nan « Lang Kreyòl Ayisyen » yon fason pou selebre jounen 28 oktòb la, ki se : Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl.

Plus de contenu

Sports

Victorieuse du Nigeria, la Côte d’Ivoire remporte sa troisième Coupe d’Afrique des Nations. La Côte d’Ivoire est championne de la Coupe d’Afrique des Nations...

Monde

19 personnes arrêtées pour avoir organisé un «mariage gay» au Nigeria. La police islamique a procédé dimanche 18 décembre à l’arrestation de 19 personnes...

Culture

Semaine mondiale de l’éducation aux médias au Nigéria : les participants se prononcent en faveur du financement mondial des médias et de l’information comme...

Monde

Nijerya: Yon fanm mande divòs paske “kòk” mari l twò gwo. Nan peyi Nijerya, Aisha Dannupawa mande mari l Ali Maizanari divòs aprè yo...