Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Apre anlèvman notè Alex Démosthènes, etid notaryal yo di y ap kanpe travay demen nan tout peyi a

Apre anlèvman notè Alex Démosthènes, etid notaryal yo di y ap kanpe travay demen nan tout peyi a

Alex Démosthènes se non notè piblik sa nèg ak zam kidnape mèkredi 21 avril la, devan lopital Sen Vensan ki nan ri Kazèn.

Apre zak kidnapin sa, Kolektif Notè Dayiti anndan yon nòt ki soti jodi jedi 22 avril la eksprime endiyasyon yo fas ak sa ki pase a.

Nòt sa ki pote siyati plizyè notè tankou notè Guy Mario Gai, Marie Alice Bélisaire, Clermont Dossous, fè yon ti rapèl pou montre sèn sa ki fèt yè a raple yo asasina ki te fèt sou konfrè notè yo Emile Giordani apre yo te fin kidnape li 25 out 2011.

Pi lwen, nòt la deplore move zak notè yo ak fanmi yo toujou viktim sou ti bout tè papa Desalin lan. Daprè nòt la, yo sibi agresyon fizik, sekestrasyon.

Nouvo viktim zak kidnapin sa vin rann pi lou long seri vyolans tout kalte popilasyon ayisyèn lan ap sibi, nou kapab li nan nòt sa.

Fas ak tout konsta sa yo, kolektif la toujou anndan nòt sa poze kesyon pou mande kiyès k ap veye peyi a? Sa dirijan yo ap regle? Èske otorite yo pa fè sèman pou pwoteje vi ak byen? Kèk kesyon lòt kouch konn toujou ap poze men ki rete jiskaprezan san repons.

Repons ki pa janm gen ak kesyon sa yo, Kolektif la di li pran ak ke moun k ap dirije n yo enskri tèt yo sou lis moun ki absan ki anvlope nan iresponsablite ak enkonsekans, ki fè popilasyon livre pou kont li fas ak tout kalte bandi k ap enpoze lwa yo sou teritwa a.

Pou fè solidarite ak notè Alex Démosthènes, fanmi l ak kolaboratè l ak tout lòt moun ki viktim yo, etid notaryal 18 jiridiksyon premye enstans peyi a ap fèmen pòt yo demen vandredi 23 avril la.

Dekouvri plis:

PME: Nesmy Manigat nommé à la présidence du Comité des Finances et Risques pour 3 ans

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...