Connect with us

Hi, what are you looking for?

Éducation

“Ann Ekri”, yon pwogram C-Ecole lanse pou ede plis jèn li ak ekri

"Ann Ekri", yon pwogram C-Ecole lanse pou ede plis jèn li ak ekri

Ann Ekri, se yon pwojè C-Ecole ki gen pou definisyon nan lang fransè a Cercle d’Entrepreneuriat et de Culture pour une autre Orientation Educative, lanse nan lide pou ede paske daprè sekretè jeneral estrikti sa Christelle Monfiston ki te pale ak redaksyon Juno7, estrikti a konstate nou detache ak kilti lekti ak ekriti pandan dènye tan sa yo.

"Ann Ekri", yon pwogram C-Ecole lanse pou ede plis jèn li ak ekri

Poukisa yon pwogram konsa?

Nan eksplikasyon Madam Christelle bay ak jounal la, se yon pwogram kote elèv yo ap gen pou resevwa yon fòmasyon sou teknik ak metòd ekriti epi lekti. Elèv sa yo ap gen posiblite pou patisipe nan konkou entè eskolè C-Ecole la k ap baze sou ekriti k ap ba yo dwa sitou sa k pi bon yo gen prim ak bous detid.

Sekretè jeneral la fè konnen pou kounya gen 10 lekòl ki getan adere ak pwogram sa pandan l fè konnen moun ki ka patisipe se elèv ki nan klas twazyèm ane rive filo. Christelle Monfiston te tou pwofite bay detay kijan pwosesis pou patisipe nan pwogram sa ye

“Lekòl yo ap vizite pa yon ajan nou pou li adere. Lekòl la dwe rekonèt pa ministè ledikasyon nasyonal epi l ap ranpli yon fich pou l ka adere.

Pwogram sa daprè Christelle ap kontribye oubyen ede C-Ecole lanse ofisyèlman kote vizyon estrikti sa se ankadre timoun nan lari yo epi ofri yo yon lavi miyò. L ap pèmèt ak Mat Globe vann 3 milyon plim nan ranfòse l finansyèman, diminye to chomaj elatriye si n refere n ak yon dokiman pwojè estrikti sa.

Daprè eksplikasyon Christelle Monfiston, rezilta manb òganizatè yo ap ret tann apre yon pwogram konsa se wè pou pi piti 3 mil jèn gen ide oubyen konesans sou teknik lekti ak ekriti, yo an mezi devlope sans kritik epi devlope lanmou pou lekti ak ekriti.

Kisa ki C-Ecole?

C-Ecole gen pou definisyon “Cercle d’Entrepreneuriat et de Culture pour une
autre Orientation Educative”, se yon òganizasyon non likratif ki kreye 16 jiyè 2020. Objectif estrikti sa se patisipe pou rann jèn yo pi aktif nan sosyete a, sibvansyone eskolarite elèv ak etidyan ki nan bezwen pou sa, patisipe nan lit kont delenkans, kontribye nan kreyasyon antrepris, kontribye nan diminye chomaj la elatriye. Laguerre Richarde Michaelle se kòdonatris jeneral estrikti sa, Monfiston Christelle se sekretè jeneral, Toussaint Marie-Astrine okipe pòs trezoryè, Jean-Baptiste Guemson konseye epi Pierre Erna jwe wòl responsab kominikasyon. Adrès yo se nan 2è avni Di Travay epi nimewo kontak yo se (509) 37376726.

Dekouvri plis:

Covid-19: le Canada offre la résidence permanente à 90000 travailleurs étrangers

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu