Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Anpil ipotèz ta alabaz dife ki boule mache Chatuley nan Lewogàn

Anpil ipotèz ta alabaz dife ki boule mache Chatuley nan Lewogàn

Mache Chatuley boule yè mèkredi swa ki te 27 janvye 2020 an. Touswit aprè dife sa, redaksyon Juno7 la te rantre an kontak ak Wilangelo Legrand Joseph ki se responsab kominikasyon meri Lewogàn ki t ap pote detay.

Mesye Wilangelo pat an mezi ka konfime sa ki ta alabaz dife sa ki boule yon pati nan mitan mache a, blòk espas chabon an. Men, responsab kominikasyon an fè konnen gen anpil ipotèz ki ka lakoz sa .

“Nou poko ka konfime anyen. Gen anpil ipotèz tankou: Yon balèn yo bliye nan yon depo chabon. Chabon yo ki tèlman chofe jistan yo pran dife. Yon dife yo te mete nan fatra sitou nan espas yo konn vann chabon an ki deraye. Kèk sibstans mistik ki te nan boutèy ki eksploze. Koze politik”, eksplike Wilangelo.

Aprè dife sa te fin pran, kèk tan apreè ponpye nan vil Leyogàn te rive. Majistra vil sa, Ernson Henry te rive sou plas tou epi rele majistra Kafou a, Jude Édouard Pierre ki te voye ponpye Kafou ranfòse jistan dife a te etenn, daprè eksplikasyon Wilangelo Legrand Joseph.

Wilangelo fè konnen otorite vil la poko evalye dega dife a koze anndan mache a, yon mache ki avan sa te twouve l anndan vil Leyogàn, otorite konsène yo tap ale leve l epi mete l nan 2èm seksyon Ti Rivyè, nan fose nò vil Leyogàn kole ak sant vil la. Yon mache ki vann tout bagay tankou manje kachte, ji, rad, pwodui swen pou po,vyann, fwi, legim, soulye, liv, twal, elatriye.

Dekouvri plis:

Météo Haïti: les prévisions pour ce Jeudi 28 Janvier 2021

Plus de contenu

Gastronomie

L’université Hexagone lance la deuxième édition de son dîner en blanc dans la ville de Léogâne. L’université Hexagone a lancé la semaine dernière la...

Actualités

Léogâne: Lionel Jean, enseignant depuis 41 ans à l’école des frères Louis Borno, a reçu un Toyota Rav4 de ses anciens élèves en guise...

Actualités

A l’initiative du Comité multisectoriel contre les violences basées sur le genre, une marche sera organisée ce mercredi 25 novembre à travers les principales...

Actualités

Une marche organisée par les chrétiens protestants dans la Cité d’Anacaona (Léogâne) pour dénoncer la publication le 24 juin dernier du nouveau Code Pénal...