Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Anplwaye EDH Bisantnè kanpe travay paske DGI bloke kont enstitisyon an nan UNIBANK

Anplwaye EDH Bisantnè kanpe travay paske DGI bloke kont enstitisyon an nan UNIBANK
Getting your Trinity Audio player ready...

Anplwaye Elektrisite Leta Dayiti (EDH) kanpe travay paske Direksyon Jeneral Enpo bloke kont enstitisyon an nan UNIBANK.

Yon mouvman pwotestasyon fèt jodi lendi 6 septanm lan nan EDH kote anplwaye yo kanpe travay paske yo pa ka touche epi ap mande kont sou jesyon Michel Présumé, ansyen DG enstitisyon an ki te demisyone dènyeman.

Youn nan anplwaye yo ki t ap pale ak konsè jounalis Landa Michel, repòtè Radyo Zenit, bay rezon ki fè anplwaye yo kanpe travay pou pwoteste kont kèk bagay.

Selon anplwaye sa, li fè konnen DGI bloke kont enstitisyon an nan UNIBANK pandan ke tout anplwaye yo se nan bank sa yo ale chanje chèk yo. Pou anplwaye sa, li estime se menm Leta k ap batay ak Leta parèy li lè l konsidere DGI bloke kont EDH san li pa t vrèman bay motif blokaj sa ak konsè jounalis la.

Anplwaye pwotestatè sa plenyen pou l di desizyon sa lakoz anplwaye yo pa ka touche, yo pa ka jwenn trèzyèm mwa ki se “Appui scolaire” pou peye lekòl pitit yo. Se rezon sa daprè sa l di ki fè tout anplwaye kanpe travay pandan l soulinye se pa sèl EDH nan Pòtoprens lan, se tout EDH nan peyi a anplwaye yo kanpe travay.

Li ale pi lwen pou di yo kanpe travay tou pou egzije limyè fèt sou jesyon Michel Présumé nan tèt konpayi a ki daprè yo t ap jere konbyen milyon dola vèt. Yo mande pou pou enstitisyon kap konbat kòripsyon yo travay yo tankou ,CSCCA, ULCC epi vin fè odit sou jesyon ansyen DG demisyonè a.

Anplwaye yo te mete wòch, bwa nan lakou enstitisyon an pandan mouvman sa.

Anplwaye EDH Bisantnè kanpe travay paske DGI bloke kont enstitisyon an nan UNIBANK

Dekouvri plis:

Youri Latortue précise les raisons pour lesquelles il n’a pas signé l’accord de Montana

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... 4 sous-stations de l’EDH dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ainsi que la Centrale de Varreux détruites et...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Mirebalais des citoyens ont marché pacifiquement pour dénoncer le rationnement du courant électrique. Dans la matinée de ce...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... La sous-station de l’EDH à Carrefour-Feuilles devient inopérante après que des bandits lourdement armés y ont fait irruption...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le conseil d’administration de l’EDH veut imposer des mesures d’austérité au sein de l’institution, 60 % des contractuels...