Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Anviwon 275 ponp menase fèmen anndan peyi akoz yon pwopriyetè yo kidnape

Carburant, Pétrole, compagnies

Jean Marc Condestin se non yon pwopriyetè ponp gazolin nan Maryani ke endividi kidnape jou ki te dimanch 28 fevriye a.

Jean Marc Condestin ki soufri maladi tankou tansyon, pou l jwenn liberasyon l endividi yo mande kòm ranson 1 milyon dola ameriken apre negosiyasyon ak fanmi an. Avan sa, yo te egzije 500 milyon dola vèt, daprè eksplikasyon Marc André Dériphonse ke sal redaksyon an te kontakte.

Marc André Dériphonse ki se prezidan Asosiyasyon Nasyonal Pwopriyetè Estasyon Esans (ANAPROSS) fè konnen apre pale sou gwoup Watsap ak anviwon 275 Pwopriyetè estasyon esans anndan peyi, yo deside fèmen ponp yo apati jodi mèkredi pou konteste zak kidnapin sa ki fèt sou Jean Marc Condestin.

Responsab ANAPROSS la fè konnen desizyon sa se jiska nouvèl lòd ki vle di pou yo jistan liberasyon pwopriyetè mèt ponp lan

“Li jiska nouvèl lòd. Nou mande liberasyon mesye a. Ke yo relache misye san kondisyon”, deklare Marc André Dériphonse.

ANAPROSS ki gen 275 estasyon esans gen yon lane egzistans. Prezidan estrikti sa ki lanse desizyon pwotestasyon sa rekonèt ke se pa tout 275 ponp lan ki pral fèmen paske selon li se pa yon enpozisyon. Toutfwa li fè konnen sa k ap rive la ak kesyon kidnapin lan pa frape yon moun oubyen yon sektè se nan sans sa li mande yon pozisyon kolektiv

“Mwen panse ke nou rive nan yon kafou nan istwa peyi a se tout moun. Piga w di se yon moun oubyen yon sektè, nenpòt moman ou gen dwa ou menm viktim, yon fanmi w, yon zanmi w de li. Fòk nou gen yon pozisyon kolektiv”.

Fòk nou siyale zak kidnapin ogmante pou 2 dènye jou sa yo. Kote yè madi a nan nivo Avni N ak zòn pwòch li yo gen anviwon 5 ka kidnapin.

Dimanch pase a, doktè Ernst Pady te twouve lanmò l apre endividi t ap eseye kidnape l. Jodi mèkredi a, van panik sot soufle zòn Avni Kristòf bò lise Jan Jak, abitan zòn lan rapòte se yon prado blan ki t ap tante kidnape moun ki te twouve yo nan yon taksi. Yon sitiyasyon ki te kreye panik kote lapolis te rive sou plas epi ale ak prado sa nan DCPJ.

Dekouvri plis:

3 Mars 2017: décès de René Préval, ancien président et ancien premier ministre d’Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Rareté de carburant : en L’Association nationale des propriétaires de stations-service (ANAPROSS) se décharge de toute responsabilité L’Association nationale des propriétaires de stations-service (ANAPROSS) a...

Actualités

Quatre kidnappeurs dont une femme arrêtés en flagrant délit à Cité Soleil, le dimanche 22 novembre. La victime Josselyn Estiverne a été libérée ....

Actualités

L’Association professionnelle du Pétrole (APP) n’honore plus ses obligations contractuelles envers les propriétaires de stations-service, l’Association Nationale des Propriétaires de Station Service (ANAPROSS) se...

Actualités

La police de la Croix-des-Bouquets a appréhendé les nommés Louis Pouchon et Pierre Eddy à Onaville ce dimanche 5 janvier 2020. Ils étaient munis...