Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Anviwon 44 jou aprè, moun Matisan toujou pa ka rantre lakay yo akoz afrontman gang yo

Martissant / Anviwon 44 jou aprè, moun Matisan toujou pa ka rantre lakay yo akoz afrontman gang yo
Getting your Trinity Audio player ready...

Anviwon 44 jou, abitan nan Matisan ak zòn ki anviwonnen l yo po ko janm ka rantre lakay yo, akoz afrontman gang yo

Fas ak klima ensekirite a ki kontinye ap taye banda nan rantre Sid kapital ayisyèn an , abitan nan Matisan, fontamara ak kèk lòt zòn vwazen te oblije kite kay yo mwa pase a. Jiskounya, anpil nan yo toujou deyò, yo pa an mezi retounen.

Batay ant nèg ak zam toujou ap kontinye nan zòn sa yo, sa ki lakoz riveren nan zòn sa yo gen difikilte rete lakay yo, san konte moun ki abitye travèse wout Sid kapital la mawon zòn sa nan pwoteje tèt yo kont grenn bal k ap tire pasi pala vire tounen.

Dènyeman la apre final match Ajantin fas Brezil la, kout zam te mare ant nèg Ti Bwa ak nèg Gran Ravin ki te bezwen pran kontwòl anwo a. Men atak nèg Gran Ravin yo te arive dejwe pa nèg Ti Bwa yo, selon enfòmasyon ki te arive jwenn jounal la. Kout zam sa yo ta lakoz moun pran bal menm nan zon nan.

Dèfwa nan zòn sa yo konn gen yon kalm aparan, sa pa anpeche sitwayen toujou pè frekante zòn sa akoz san zatann katouch konn pete epi lakoz moun kap pase nan machin prive kou piblik viktim.

sitwayen yo toujou nan lari

Fas ak tout sa k ap pase yo, sitwayen yo lage 2 bra balan. Apre gwo atak samdi pase a, chak kan yo repliye nan baz yo men kontinye pa entèmitans ap atake youn lòt, sa ki lakoz gwo difikilte pou moun travèse zòn.

Abitan zòn Matisan, Fontamara kontinye ap kite zòn sa san konte sa k te deja pati kite l ale pran refij lòt kote sitou nan sant Espòtif Kafou a.

Majistra Kafou a, Jude Édouard Pierre pa sispann atire atansyon Leta santral la pou fè yon jan pou moun nan Sant Espòtif Kafou yo jwenn plis asistans epi retounen lakay yo apre fos lod yo fin etabli yon klima lapè anndan katye cho sa yo.

Malgre Kout zam k ap tire yo jiskounya, otorite pa prèske di anyen ankò sou sa sitou apre asasinay Jovenel Moïse ki vin sijè prensipal la. Pandan tan sa, wout sid kapital la toujou rete yon defi pou moun travèse, sitwayen yo kontinye ap dezète katye yo san konte moun k ap mouri pa bal.

Anviwon 44 jou aprè, moun Matisan toujou pa ka rantre lakay yo akoz afrontman gang yo

Dekouvri plis:

Luis Almagro et Antony Blinken parlent de sécurité et de gouvernance démocratique concernant Haiti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... L’ambassade de France annonce la fermeture de ses services temporairement en raison de l’insécurité jusqu’au 24 mars 2024...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... 4 sous-stations de l’EDH dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ainsi que la Centrale de Varreux détruites et...

Éditorial

Getting your Trinity Audio player ready... Ce jeudi 29 février 2024, Port-au-Prince et plusieurs zones dans l’aire métropolitaine étaient en ébullition. Des tirs nourris...

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... En Haïti, les entreprises sont contraintes de verser aux gangs des sommes pouvant atteindre 20 000 dollars par...