Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Aprè 2 jounen grèv reyisi , aktivite yo kòmanse timidman nan peyi Dayiti

Aprè 2 jounen grèv reyisi , aktivite yo kòmanse timidman nan peyi Dayiti

Aprè 2 jounen grèv ki te fèt lendi ak madi pase a sou direksyon sektè sendikal la , jodi mèkredi 3 fevriye a anpil aktivite sanse ap reprann jan sa konn abitye ye anndan kapital ayisyèn nan, daprè sa yon repòtè Juno7 konstate.

Si 2 jounen grèv yo te respekte epi byen mòde, jodi mèkredi a aktivite yo redemare timidman nan kapital ayisyènn nan kote transpò an komen an ap fonksyone menm kan pa gen anpil machin jan sa konn abitye ye nan estasyon yo. Machin ki asire trajè lavil/Petyonvil, Pòtay/Dèlma, Nazon/Pòs machan, Dèlma/PV, Kafou ayewopò/Geral oubyen klèsin ap fèt jan sa te konn abitye ye.

Biwo Leta yo louvri menm jan ak biwo prive yo pou bay sèvis. Bank komèsyal, makèt ak ponp gazolin yo ap fonksyone nòmal. Gen anpil machin prive nan lari a, men sikilasyon an fèt pi byen akoz blokis ki pa twò genyen jan sa konn abitye ye sitou sou wout delma, Lali, Nazon ak lòt zòn yo .

Nou pat remake prezans elèv nan lari a, devan lekòl nou te pase yo pat fonksyone. Kèk paran timoun nou poze kesyon prèske bay menm repons yo pou fè konnen rezon ki fè yo pa voye timoun yo lekòl se swiv yo tap swiv jan jounen an tap ye aprè 2 jou grèv la.

Gen anpil prezans polisye nan anpil pwen anndan kapital la k ap asire sekirite.

Bò ONA Dèlma 17 te bloke

Nan vire won yo, nou te remake zòn kafou Ayewopò monte Dèlma devan ONA te bloke kote anplwaye enstitisyon sa t ap mobilize pou mande liberasyon Emmanuel Thermezy, yon kad anndan ONA endividi kidnape. Sa ki te rann sikilasyon an enpratikab akoz kawotchou ki tap boule sou chose a.

Dekouvri plis:

Sektè demokratik la mande pèp la leve kanpe pou fèmen peyi a

Plus de contenu

Actualités

Sou demann popilasyon an, sendika transpò piblik yo repòte pwovizwaman twa jounen grèv yo te anonse pou peryòd ekzamen ofisyèl bakaloreya. Grèv jeneral ki...

Actualités

Trois journées de grève annoncées par les syndicats du transport en commun pendant la période des examens officiels du NS4. Les examens officiels du...

Aktyalite AN KREYÒL

Grèv jeneral la ap leve sou peyi a jodia bò 4 è selon sendikalis Jacques Anderson Desroches. Nan yon konferans pou laprès, Jacques Anderson...

Actualités

“Operasyon fèmen peyi”: les activités sont au point mort à Port-au-Prince Ce lundi 25 octobre 2021 marque le début de l’opération ” fèmen peyi”, ...