Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Apre 7 ane absan, Milan AC fè gran retou l nan “Champions League”

Apre 7 ane absan, Milan AC fè gran retou l nan "Champions League"

Sispens, kè sote, move match, bon match, match referans, Milan AC fini pa dekwoche biyè ki ba l dwa ale patisipe nan Lig Dè Chanpyon sezon ki pral vini la.

Apre yon trè bèl sezon, Milan AC te oblije rete tann dènye jounen chanpyona Itali a pou goumen jiskobou. Koyekipye Zlatan yo bat Atalanta 2-0 an deplasman epi fini dezyèm nan chanpyona a dèyè do Inter ki te deja sakre chanpyon.

Apre move pèfòmans ekip Milan AC an te fin fè kont Cagliari wikenn pase a, ekip Pioli ap dirije a pa t gen dwa ak okenn erè dimanch sa akoz yo te gen menas Juventus ak Naples ki te pandje sou tèt yo.

Men gras ak ivwaryen an Franck Kessie ki make 2 gòl sou penal, Milan fini pa enpoze l epi pral repran gou ak Lig Dè Chanpyon apre 7 ane doulè li pa t ka patisipe.

Dènye fwa Milan fini dezyèm nan Seri A a se te an 2012 avèk yon gran Zlatan, yon ekselan Van Bomel, yon adye lejann Nesta ak Inzaghi, yon sipè Thiago Silva. Milan refè l ankò avèk yon kolektif trè pwometè ki gen menm Zlatan 2012 la k ap ankouraje yo.

Dènye match Milan AC nan Lig Dè Chanpyon remonte 11 mas 2014 kont Atletico nan 8èm de final. Depi lè sa, klèb foutbòl la te twouve l nan yon enpas kote li te pèdi konplètman idantite l.

Sezon sa, Milan fè 79 pwen. Pou 38 match, li bat 24, li pèdi 7 epi fè 7 nil. Milan make 74 gòl epi pran 41. Milan se meyè ekip lè li an deplasman kote sou 19 deplasman nan chanpyona a Milan fè 16 viktwa, pèdi 2 fwa epi fè yon nil.

Sezon an fini, Milan ap pare pou fè acha nouvo jwè, jere dosye Donnarumma, dosye jwè li prete yo, yon fason pou prepare sezon k ap vini an epi pare pou rantre nan LDC an. Apre 7 ane absan, Milan AC fè gran retou l nan "Champions League"

Dekouvri plis:

Ansyen depite Jean Robert Bossé konfime li gen kowonaviris

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu