Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Aprè 9 ane, Itali retounen nan final koup dewòp

Aprè 9 ane, Itali retounen nan final koup dewòp

Dominasyon espanyòl yo, sa pa anpeche seleksyon foutbòl Itali a arive jere match li epi kalifye pou final koup dewòp la apre tiwobi ki fini 4-2.

Nan tout match la ekip Espay la te nètman siperyè ekip Itali a ki te tante l ap defann epi jere pa kont atak. Se nan menm koze kont atak sa ki fè Squadra Azurra a ta pral ouvri eskò pa Federico Chiesa, jwè ekip Juventus, nan 60èm minit

Espay te kontinye ap pouse, kenbe Itali nan gòj epi ta pral jwenn egalizasyon nan prèske fen dezyèm mitan an pa yon lòt jwè ekip Juventus la ki se Morata ki make nan 80èm minit.

A 1-1, nan 10 minit ki te rete a, match la te parèt plis pou espanyòl yo ki pa t sispann pouse, kenbe dominasyon a ak 70%. Italyen yo ki repite pou jwèt “Catenaccio” te reziste ak aso jwè Luis Enrique yo pou trennen match la jis nan pwolongasyon.

Tout pwolongasyon, ekip Espay la pa t sispann met dife nan kan Itali a. Avèk anpil disiplin defansif epi kèk bon soti gadyen Donnarruma, seleksyon italyèn lan kenbe pandan tou 2 mitan pwolongasyon epi trennen Espay nan penalite.

Nan penal, ekip italyèn lan ranpòte viktwa 4-2. Ki ba l dwa ale dispite yon final apre dènye li te jwe an 2012 kote menm ekip Espay sa te kraze l 4-1 nan 90 minit.

Ekip Itali a ap ret tann Angletè oubyen Dànmak ki ap jwe lòt demi final la demen. Ekip Roberto Mancini an pral wè si l ka leve dezyèm koup dewòp li nan listwa l

Fò n siyale w Itali prèske pa gen chans nan final Koup dewòp, an 2000 li pèdi kont Frans, 2012 kont Espay. Nouvo jenerasyon sa gen pou devwa wete malediksyon sa epi klotire bèl travay Mancini nan tèt ekip sa depi apre yo te rate mondyal 2018 la ki mennen ansyen antrenè Inter ak City a nan tèt seleksyon peyi l.

Aprè 9 ane, Itali retounen nan final koup dewòp

 

Dekouvri plis:

USA: les fusillades du week-end du 4 juillet font plus 230 morts

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Italie: dans une église catholique, une crèche de Noël LGBT présentant l’enfant Jésus entouré de deux femmes au lieu de Marie et de Joseph...

Actualités

Le Ministre des Affaires Etrangères, Jean Victor Généus a reçu le jeudi 5 octobre 2023, la visite d’une délégation de professeurs pour évaluer une...

Sports

Compétition Hero Battle Cup en Italie: Gesny Pierre Louis, fils de Cité Soleil, termine 4e sur 14 compétiteurs. Le compatriote haïtien Gesny Pierre Louis,...

Éducation

106 jeunes boursiers haïtiens feront leur entrée à l’Université de Cassino et du Latium méridional (UNICAS) en Italie grâce à un accord de coopération....