Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Asasina Antoinette Duclaire: Frede Duclaire reyaji nan non fanmi an

Asasina Antoinette Duclaire: Frede Duclaire reyaji nan non fanmi an

Marie Antoinette Duclaire ki gen ti non Netty mouri asasinen ansanm ak jounalis Diego Charles, nan lannuit 29 pou louvri 30 jen pase a, zòn Kriswa, ri Akasya.

Prèske yon jou aprè zak asasinay sa, fanmi militant angaje a sou paj Facebook Frede Duclaire, frè viktim lan, reyaji pou eksprime sa yo resanti.

Nan kòmansman mesaj la, Frede Duclaire ki se kapitèn ekip la jan li kalifye tèt li, fè konnen fanmi an se yon ekip solid, lanmò twò piti pou ta depatcha ekip solid sa.

Frè a ki t ap pale nan non fanmi an eksplike pou l di fanmi sa pa janm fè okenn moun mal, yo toujou mete tout sa yo genyen osèvis tout kalte moun. Yon fason pou kritike zak malonèt sa ki fèt sou sè l la.

Li te kontinye pou l di Netty se yon modèl fòs, kouraj, detèminasyon ke anpil moun pa genyen epi kalifye sè a kòm yon modèl sajès.

Fanmi an deklare se pou pozisyon ak konviksyon Netty ke yo asasinen l epi deklare “pito nou mouri 10 000 fwa nan fyète ak diyite ke n ap viv nan lawont”.

Se te okazyon tou anndan mesaj sa pou fanmi an remèsye defen an pou sa yo estime li te reprezante pou yo, pou fòs ak kouraj li ba yo nan moman difisil sa.

Fanmi an enfòme premye etap yo fèt deja ki se te mete l nan mòg epi anonse lòt desizyon ki gen pou vini yo pou kontinye enfòme tout moun sou chak etap.

Lafanmi Duclaire te fini mesaj sa pou di mèsi ak tout fanmi, zanmi, ak tout lòt moun ki solidarize yo ak fanmi an , nan moman difisil sa.

Mesaj sa se Frede Duclaire ki te siyen l. Frede Duclaire se frè Marie Antoinette Duclaire. Frè sa ki se yon sitwayen angaje ,etidye syans enfòmatik nan Infotronic, li etidye dwa ak antwopososyoloji anndan Inivèsite Leta Dayiti .

Netty sou bò pa l mouri a 33 lane. Li te etidye antwopososyoloji nan fakilte Etnoloji, li te pòt pawòl estrikti sosyopolitik ki rele Matris Liberasyon, li te anime yon emisyon sou RSF , Opozisyon an te chwazi li an 2019 kòm manb komisyon pou pasyon pouvwa a, se yon militant angaje nan batay kont kòripsyon epi pou yon lòt sosyete san fòs kote.

Asasina Antoinette Duclaire: Frede Duclaire reyaji nan non fanmi an

Dekouvri plis:

“L’administration Biden doit continuer à faire pression sur le président Moïse pour qu’il écoute le peuple haïtien”

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

“Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 29 juin 2023. 29 juin 2021: assassinat...

Société

Matris Liberasyon salye memwa Marie Antoinette Duclaire pou dat fèt li epi rann li omaj. 30 oktòb ki sot pase a fè Marie Antoinette...

Actualités

Une messe de requiem à l’initiative des journalistes pour saluer la mémoire de Diégo Charles. À l’initiative de plusieurs associations de journalistes dont l’Association...

Nécrologie

Fineray jounalis Diego Charles chante nan Jeremi maten an. Antèman jounalis Diego Charles chante jodi madi 13 jiyè a nan legliz “Médaille Miraculeuse”, nan...