Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Asasina Jovenel Moïse: Biwo Nasyonal Etnoloji rezève yon espas pou moun depoze flè ak bouji

Asasina Jovenel Moïse: Biwo Nasyonal Etnoloji rezève yon espas pou moun depoze flè ak bouji
Getting your Trinity Audio player ready...

Biwo Nasyonal Etnoloji k ap dirije pa Erol Josué, anonse sou paj Facebook li ke gen yon espas li rezève pou moun vin eksprime senpati yo epi depoze bouke flè ak balèn aprè asasinay ki fèt sou prezidan Jovenel Moïse la.

Jès sa selon Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE) se yon fason pou denonse zak trajik la ki touye yon lòt fwa ankò senbolis ki kache dèyè fonksyon prezidans lan.

Se yon moman tou pou biwo a envite tout moun alawonnbadè sou zak asasinay ki fèt sou Jovenel Moïse ki se yon fenomèn ki repete 5 fwa nan peyi nou, selon sa k ekri nan nòt sila.

Biwo Nasyonal Etnoloji anndan nòt sa voye senpati l bay popilasyon an, fanmi prezidan an, espesyalman madanm ak pitit li.

Depi jodi jedi a, depi l fè 9 è pou rive 3 è nan aprèmidi, Biwo a ap louvri espas mize Etnografi a pou sila ki swete pase depoze flè ak balèn epi kite yon dènye mo nan memwa prezidan repiblik la.

Biwo a raple ak moun k ap vini yo pou mache ak mask yo oubyen kachnen.

N ap raple w yè anfas palè a kèk sitwayen te deplase ale depoze bouke flè ak bouji nan memwa prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki mouri asasinen nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè 2021.

Ankèt sou asasina Jovenel Moïse la ap kontinye anndan lapolis la kote otorite polisye yo deja arete plizyè moun ki ta sispèk, koupab oubyen prezime asasen nan dosye a. Gen avi rechèch dèyè plizyè moun tou tankou ansyen senatè Joseph John Joël. Lapolis sezi zam, bwat katouch, jilè pa bal san konte polisye ki tonbe anba mezi konsèvatwa ak kèk ki an izòlman.

Asasina Jovenel Moïse: Biwo Nasyonal Etnoloji rezève yon espas pou moun depoze flè ak bouji

Dekouvri plis:

« seul un dialogue inclusif permettra d’éviter le chaos en Haiti », a dit José Gomez

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu