Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Asasinay Jovenel Moïse : anpil sitwayen mache nan vil Trou Di Nò  pou mande jistis pou prezidan an

Asasinay Jovenel Moïse : anpil sitwayen mache nan vil Trou Di Nò  pou mande jistis pou prezidan an
Getting your Trinity Audio player ready...

Popilasyon Twou di Nò mache pou mande jistis pou Jovenel Moïse.

Swit ak lanmò prezidan repiblik la Jovenel Moïse, lakay li nan Pèleren 5, popilasyon Twou di Nò a mache nan komin lan jodi vandredi 16 jiyè a, pou mande jistis.

Sou envitasyon COCIDDI(Coalition des Citoyens pour le Développement Durable et Integré) Plizyè santèn moun te abiye an blan, mache nan plizyè ri nan vil la yon fason pou eksprime kòlè ak fistrasyon yo fas ak sa ki rive ansyen prezidan an anndan lakay li.

Akonpaye ak yon mobil ki t ap bay son, plizyè sitwayen te kenbe pankat yo, sou kèk pankat nou te ka wè kèk mesaj ki di: “Fòk travay Jovenel yo kontinye”, “bat chen an tann mèt li”.

Sitwayen sa yo ki t ap mache t ap chante epi ap bat men pandan y ap di “san Jovenel p ap koule pou granmesi”.

Byen avan mach sa, te gen yon mès ki te chante pa pè Bernard kote moun te soti nan anpil seksyon kominal vin patisipe nan mès la ak mach la, selon detay Kenan Lamour Junior, youn nan manb COCIDDI t ap bay ak jounal la.

Te gen majistra twou di Nò a ki te prezan, senatè Wanick Pierre ki te prezan tou, te gen prezans frè prezidan an ki se Wilner Moïse. Foul la te mache nan tout Twou di Nò pou ale kanpe nan izin alsfat komin lan.

Objektif mach ak mès sa selon Kenan Lamour Junior se pou mande jistis pou Jovenel Moïse epi li estime se li ki fè yo wè tout feblès ki te gen nan sistèm lan li kalifye ki se yon sistèm pouri.

Kenan Lamour Junior nan non popilasyon Twou di Nò a ap mande jistis pou Jovenel Moïse epi egzije pou ansyen prezidan an jwenn jistis epi avèti y ap tanmen gwo mouvman nan Gran Nò a si Jovenel Moïse pa jwenn jistis.

N ap raple w Jovenel Moïse mouri asasinen lakay li nan Pèleren 5, nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an. Fineray ansyen prezidan an ap chante 23 jiyè nan Kap Ayisyen.

Asasinay Jovenel Moïse : anpil sitwayen mache nan vil Trou Di Nò  pou mande jistis pou prezidan an

Dekouvri plis:

Haiti – Assassinat de Jovenel Moïse: Claude Joseph lance un appel à l’unité

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... L’ex-sénateur John Joel Joseph condamné à la prison à vie pour l’assassinat du président Jovenel Moïse par un...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Joseph Felix Badio, accusé d’implication dans l’assassinat de Jovenel Moïse, arrêté par la police. Considéré comme l’un des...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... L’ancien président haïtien, Michel Joseph Martelly souhaite que la justice puisse retrouver et punir les coupables de l’assassinat...

Justice

Getting your Trinity Audio player ready... “Seule la création d’un tribunal spécial ou d’une chambre spéciale peut favoriser la réalisation d’un vrai procès autour...