Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Dosye asasina Jovenel Moïse: Pòt pawòl polis la, Marie Michelle Verrier fè yon rezime epi anonse kèk nouvote

Dosye asasina Jovenel Moïse: Pòt pawòl polis la, Marie Michelle Verrier fè yon rezime epi anonse kèk nouvote
Getting your Trinity Audio player ready...

Marie Michelle Verrier fè yon rezime epi prezante nouvo detay ki genyen sou dosye asasina Jovenel Moïse.

Pòt pawòl polis la, Marie Michelle Verrier, prezante jodi vandredi 30 jiyè a, yon pwend près kote li te pwofite fè yon rezime de bilan pase yo epi anonse nouvote ki genyen nan dosye a.

Pou l kòmanse li te fè yon brèf rapèl pou di polis la te arete 27 moun, pami yo 18 kolonbyen, 3 ameriken ki gen orijin ayisyen, 6 ayisyen ki te gen polisye ladan yo tou. Lapolis te sezi 45 zam otomatik, 14 pistolè,  plizyè santèn katouch diferan kalib, twa grenad. Li te kontinye pou di gen 13 kay te fouye tou, 45 odisyon reyalize, 23 polisye ki te plase an mezi konsèvatwa, 7 izòlman ki te pran kont polisye, li fè deklarasyon sa yo pou rafrechi memwa popilasyon an.

Li te rapousib pou di pou kounya gen nouvo eleman  ki pote nan ankèt la. Eleman sa yo se 44 moun ke lapolis arive entèpele pami yo gen 12 polisye.

Pami polisye sa yo genyen ki jwenn arestasyon yo se pou degre responsabilite yo te genyen ki fè yo gen kesyon pou yo reponn lajistis, selon Marie Michelle Verrier. Gen lòt tou se pou enplikasyon dirèk yo nan dosye a ki te akonpaye kolonbyen yo nan atak kont prezidan, selon sa l ajoute.

Yon lòt fwa li raple lapolis lanse avi rechèch dèyè jij Wendelle Coq akoz nan odisyon DCPJ reyalize ak kolonbyen yo, gen plizyè nan yo ki fè konnen yo te ale nan rankont kay jij la 2 fwa.

Li fè konnen tou DCPJ te chache jij la plizyè kote li gen kay tankou Mamelad, Sen Michel Latalay, yo pa jwenn tras li. Yo te eseye rele li nan telefòn yo pa jwenn li tou, se nan sans sa avi rechèch la te oblije lanse kont jij Wendelle Coq, si n kwè pòt pawòl polis la.

Pou kounya gen 9 polisye an izòlman, gen 4 ki rete nan mezi konsèvatwa. Tout lòt ki te nan mezi konsèvatwa gen desizyon ki pran epi voye yon an izòlman, daprè Marie Michelle Verrier.

Marie Michelle Verrier fè konnen PNH la lanse yon apèl a popilasyon an pou rete tèt frèt paske l ap kontinye chache tout eleman yon fason pou fè limyè sou dosye asasina Jovenel Moïse la epi mande popilasyon an ede l chache moun ki gen avi rechèch yo.

N ap raple w Jovenel Moïse mouri asasinen nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè 2021, lakay li nan Pèleren 5.

Dosye asasina Jovenel Moïse: Pòt pawòl polis la, Marie Michelle Verrier fè yon rezime epi anonse kèk nouvote

Dekouvri plis:

Peste porcine: un spécialiste en médecine apporte des détails

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

Getting your Trinity Audio player ready... La Police Nationale d’Haïti démantèle un réseau présumé de trafic d’armes, avec des liens vers une figure recherchée,...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Des armes et munitions saisies par la Police dans la localité de Trianon, commune de Mirebalais. Dans une...

Sécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Kenscoff: affrontements entre les forces de l’ordre et des individus lourdement armés. La commune de Kenscoff, située dans...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... John Michel, alias « John Popo », figure redoutée du gang de Pont-Blanc, a été capturé par la...