Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Asasina Jovenel Moïse: Youri Latortue ak Steven Benoît reponn ak envitasyon Pakè Pòtoprens

Asasina Jovenel Moïse: Youri Latortue ak Steven Benoît reponn ak envitasyon Pakè Pòtoprens

Sou demann komisè gouvènman Pòtoprens lan, Claude Bedford, 2 ansyen senatè yo Steven Benoît ak Youri Latortue reponn ak envitasyon sa nan kad ankèt ki ap mennen sou asasinay ki fèt sou Jovenel Moïse. Kote se majistra Frantz Guillot k ap tande yo olye de komisè gouvènman an.

Li te anviwon 11 è nan maten lè 2 ansyen eli sa yo te rive nan pakè Pòtoprens, plizyè dizèn militan pa t rate okazyon an pou akonpaye yo, yon fason pou eksprime solidarite yo ak yo.

Sou kont Twitter li, Steven Benoît te poste yon mesaj pou di an tan ke sitwayen ki respekte tèt li, li reponn ak envitasyon komisè a epi fè konnen li pa remake okenn prezans polisye. Li te fini twit sa pou l di lavi l nan men gouvènman an.

Nan yon dezyèm twit, li te deklare pou l di li pwomèt pou l di tout verite nan repons l ap bay ak komisè a.

Nan moman atik la t ap ekri redaksyon an konfime odisyon an koumanse kote se majistra Frantz Guillot k ap tande 2 ansyen senatè yo olye komisè Bedford Claude. Odisyon yo deja koumanse nan kad ankèt la.

N ap raple w komisè Bedford Claude te voye plizyè envitasyon bay plizyè pèsonalite tankou Reginald Boulos, Dimitri Vorbe ki pa nan peyi a depi kèk tan.

Asasina Jovenel Moïse: Youri Latortue ak Steven Benoît reponn ak envitasyon Pakè Pòtoprens

Dekouvri plis:

Asasina Jovenel Moïse: Youri Latortue ak Steven Benoît reponn ak envitasyon Pakè Pòtoprens

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu