Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Jèn atis angaje Rebèl Pakamò te bay detay ak Juno7 sou “Konsè Lètouvèt” li gen pou l fè a

Jèn atis angaje Rebèl Pakamò te bay detay ak Juno7 sou "Konsè Lètouvèt" li gen pou l fè a

Atis Rebèl Pakamò te pale redaksyon Juno7 la nan objektif pou bay esplikasyon sou pwochen Konsè li a ki batize “Konsè Lètouvèt” k ap fèt 20 jen 2021 an Alvaro Resto Club bò 5 è nan aprè midi . Li te pale tou sou sijè politik, kiyès li ye, elatriye. An n li ansanm repons li te bay yo.

-Premye Pati a konsakre ak konn atis la plis.

Juno7: Fè yon ti pale nou kiyès ki Rebèl Pakamò a, Pakou l…

Pakamò: Non m se Jean Gardy Clervil. M fèt sou zile Lagonav nan dat 20 jen 1996. M fè tout etid klasik mwen la, anvan m te monte Pòtoprens pou koze Inivèsite.
M se yon militan pwogresis, k ap batay pou yon sosyete San fòs kote. Kote p ap gen yon ti gwoup moun ki kenbe tout richès, pandan majorite a pa gen anyen.

Juno7:Kote non Rebèl Pakamò a soti?

Pakamò: Rebèl se parapò ak distans (rebelyon) mwen ak sistèm peze souse ki la. Pakamò a plis soti nan yon slogan etidyan pwogresis yo te genyen nan Inivèsite Leta, ki se “moun k ap batay pa mouri”. Menm apre lanmò w, w dwe egziste atravè zak ou te konn poze. Se sa k fè n di: Desalin, Chalmay Peral, Janil pa mouri.

Juno7:Depi kilè w ap fè mizik?

Pakamò: Tou piti m te konn chante nan gwoup legliz, menm pa t yon bon chantè. M te toujou ap eseye fè gwoup rap ak kamarad lekòl, jiskaske n te vin fè yon bon gwoup nan lane 2012, lè sa m t ap fè segond. Yon Eksperyans ki pa t twò dire. Sa ki t ap fè m al tann jis nan lane 2017 pou m te lanse yon karyè rapè solo, ki t ap al enfliyans pa kouran mizik angaje ki t ap jèmen anndan Inivèsite Leta.

M te toujou renmen mizik. E m vin wè m ka itilize l pou m pote revandikasyon mas popilè yo pi lwen.

Juno7:Pakamò marye, gen pitit…

Pakamò: M pa marye. M pa fiyanse. M pa gen pitit.

-Dezyèm pati a konsakre ak aktivite “Konsè Lètouvèt”.

Juno7: Bay nou sou aktivite sa, kisa ki gen ladan l kòm pwogramasyon?

Rebèl Pakamò: Se Konsè premye albòm mwen (Lètouvèt) ki te soti 16 novanm 2019. Li pa t rive fè lane dènye akoz pandemi an.
Nou te lanse l pou Yanvalou, men n apenn chanje espas. L ap fèt 20 jen, nan Alvarez Resto Bar, ki nan Avni Jan Pòl II.
Se yon espektak Kote m ap jwe mizik ki sou albòm mwen yo ak yon benn. Rooly Saint Louis Jean (Chantè) ak Jacques Adler Jean Pierre (Komedyen) se 2 envite nan espektak la.

Juno7:Nan ki objektif yon aktivite konsa?

Pakamò: Objektif li se kontinye pote diskou a epi bay vi ak albòm nan plis toujou. San bliye, se yon aktivite k ap fèt nan lokazyon anivèsè m.

Juno7: Kijan ou santi feedback yo?

Rebèl Pakamò: Se premye fwa m jwenn tout angouman sa pou yon aktivite m lanse.

Juno7: Kote moun ka jwenn kat achte epi ak ki pri?

Pakamò: Kat yo disponib nan Move Move Tonèl Resto Bar (Pwen vant prensipal), Kay Lessage nan Fakilte Syanzimèn.
Pri kat la se 500 goud epi 250 goud alavans pou etidyan.

-Twazyèm pati a konsakre ak angajman sitwayen atis la

Juno7:Èske yon moun ka mete Rebèl Pakamò nan kategori atis angaje, si wi poukisa daprè ou?

Rebèl Pakamò: Wi. Paske mizik mwen yo rantre nan kouran rap politik, k ap denonse sa k pa bon nan sosyete a. Sitou leta sa ki pa nan enterè pèp.

Juno7: Èske ou gen gwoup oubyen atis ki enspire w oubyen ou pran kòm modèl?

Pakamó: Wi. Men m pa janm chwazi site.

Juno7: Kesyon referandòm, eleksyon, divizyon nan mitan opozisyon, entènasyonal la ki pa sispann fè enjerans. Kijan w konprann epi wè avni politik peyi a nan 3 a 4 pwochen mwa k ap vini la yo?

Pakamò: Anvi politik peyi a pa twò klè. Sitou nan opozisyon pliryèl la, se pa lè pwogresis yo ki ejemonik. Anpil opozan yo se opozan ak pouvwa oubyen jovenel. Yo pa vrèman nan chanje sistèm. Toutfwa se pèp la ki pou pran avni l, an men epi chanje sa pou yon fwa.

Juno7: Yon mesaj pou n fini…

Rebèl Pakamò: M ap envite moun ki entèrese ak Mizik angaje nan konsè a, paske mizik gen wòl pa l li jwe nan kenbe oubyen ranvèse yon sistè m.
N ap pran tout dispozisyon pou tout moun chita, pou gen distan epi kachnen.

Jèn atis angaje Rebèl Pakamò te bay detay ak Juno7 sou "Konsè Lètouvèt" li gen pou l fè a

Dekouvri plis:

Position des américains sur les élections, Inifòs exprime son désaccord

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu