Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ayiti : 50 Pèsonalite nan konpetisyon pou dekwoche tit antreprenè ane 2017 la

Pou ane sa youn nan bagay ki enterese tout moun nan domèn biznis ak antreprenè a, se paske gen yon gran kantite fanm antreprenè pou final “Digicel Antreprenè ane a” ki se 19 sou 50. Tout sa montre ki enpòtans fanm yo nan sosyete a ak ekonomi peyi Ayiti.

Prezidan konpayi Digicel la Mesye Maarten Boute, fè yon deklarasyon konsa : “Mwen satisfè konstate nan 8yèm edisyon konpetisyon an, tout nouvo bon tandans, pou pwogrè yo ki pral fè enpak nan konpetisyon an ak gwo chanjman ki pral rive dèyè istwa chak grenn moun.”

Konpetisyon sa fèt nan kad pou jwenn, bay rekonpans epi ede tout fanm ak gason ki nan biznis ki gen avni epi ki ap soutni ekonomi peyi a, 32 nan antrepriz sa yo sou 50 finalis yo, kreye aprè 12 janvye 2010, kote se dyaspora ayisyen an ki vini pote èd yo nan ekonomi peyi a, e yo konte rete anpil tan nan peyi a. 50 finalis sa yo ap pase a 25 nan yon seremoni ki ap dewoule jodi samedi 28 oktòb 2017 la.

Pwojè sa fèt nan patenarya ak Sant Fasilitasyon Envestisman yo ak sipò Bank entèamerikèn ak devlopman epi Sofidès.

Atik sila pibliye nan “Lang Kreyòl Ayisyen” yon fason pou selebre jounen 28 oktòb la, ki se : Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl.

Plus de contenu