Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ayiti : Pozisyon Divalyeris yo sou kriz kap travèse peyi a

Nòt pou laprès | Jedi 18 Oktòb 2018

Sektè Divalyeris la voye yon gwo kout chapo pou pèp Ayisyen an ki te montre matirite politik li a travè gwo kokennchenn mobilizasyon jounen 17 Oktòb la. Sektè Divalyeris la pran nòt ke malgre tout voye monte, pawòl piman bouk, vye tantativ manipilasyon pou kraze brize ak dechouke pèp la te rete soud. Nap di pèp la nou renmen jan lap regle kozel. Jounen jodiya li montre aklè ke li pap pran nan pwovokasyon e li pap mache nan lojik pètibatè yo tou, li montre li granmoun nan politik la.

Sektè Divalyeris la ap pwofite voye sempati li bay fanmi sila ki tonbe, san nou pa bliye sila yo tou ki viktim : polisye ki tap travay tankou sitwayen ki tap revandike nan jou 17 Oktòb la. Nou gen yon panse espesyal pou yo.

Nap pwofite di lopinyon piblik , sektè politik ak sosyal ak tout kominote entènasyonal la, ke sektè Divalyeris la ap swiv ak anpil enterè evolisyon kriz ke Dosye Petro Karibe a entwodwi andedan nasyon an, ki vin tounen yon malè pandye sou egzistans nou kòm pèp, paske li monte volim yinghang nan epi li mete yon kè sote toupatou.

Sektè Divalyeris la ap mande tout synpatizan li yo ak tout pèp Ayisyen an pou yo pa antre nan pyèj okenn politisyen kap regle zafè pèsonèl yo. Grangou a rèd, Lavi chè a mande anraje, lamizè a pèdi fren , Enpinite ap vale teren, Esklisyon an menm fin dechennen , Lajenès la li menm kokobe nèt anba diskriminasyon ak yon chomaj kap kraze zo yo, pa dekourje, pa kite yo detounen nou rete sou wout nou ye la a.

Pèp Ayisyen, sektè Divalyeris la diw kontinye defann dwaw’ nan lòd ak disiplin pou nou tout kapab sòti anba grif soudevlopman, esplwatasyon ak koripsyon kap kraze peyi nou an. Sektè Divalyeris la ap salye yon lòt fwa ankò detèminasyon ak kouraj pèp Ayisyen an pou li jwenn jistis. Nap di pèp la kouraj li pa poukont li.

Moun ki siyen pou sektè Divalyeris la

Jean-Harry Claude
Jérémie Saint-Aude
Madame Valerie Altidor
Bernard Guillaume
Louis Gonzague Edner Day
Madame Magalie Chery Alcindor
Francois Nicolas Duvalier
Brunel Jean Lubin
Marcel Breha
Bob Delatour
Reginald Samedi
Valeus Desilus
Madame Andrise Valdemar
Samedy Figaro
Jean Orelio
Michel Jude
Dorival Jean Junior
Madame Pacma Aliotte Mical
Bernardin Constant
Alix Jeanty

Plus de contenu