Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ayiti : Renan Hédouville chwazi kòm nouvo pwotektè sitwayen

Prezidan peyi a Eskselans Jovenel Moïse fè chwa Renan Hedouville kòm nouvo pwotektè sitwayen ak sitwayèn nan peyi d’Ayiti.

Gen yon nòt ki pote siyati prezidan repiblik la ki nome li, e not sila pibliye nan jounal ofisyèl peyi a Monitè, (“Le Moniteurnan lang franse).

Renan Hédouville pwomèt ke li pral fè yon bon travay nan sa ki gen pou wè ak pwoteksyon epi dwa sitwayen yo, se nan kontèks sila ke li gentan anonse yon konkou chante ak pwezi nan lide pou fè pwomosyon dwa moun nan lekòl yo. Konkou sila ta dwe demare avan 10 desanm 2017 ki ap pwoche la, ki se jounen entènasyonal dwa moun.

Depite komin dèlma a Mesye Gary Bodeau ak plizyè lòt pèsonalite swete Mesye Renan bòn chans, Nan yon mesaj Depite Gary voye sou reso sosyal “Twitter”, li ta renmen ke Mesye Renan aji sou zafè detansyon prevantif pwolonje a ak fason prizonye yo ap viv nan prizon yo.

• Atik sila pibliye nan “Lang Kreyòl Ayisyen” yon fason pou selebre jounen 28 oktòb la, ki se : Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl.

Plus de contenu