Ayiti: Rezime aktyalite yo soti 14 pou rive 18 desanm 2020 an sou Juno7
Ayiti Aktyalite
– DCPJ ak ajan dwanye mennen yon operasyon nan Pò Lafito epi sezi fizi, pistolè ak bwat katouch.
-Byanka Gauthier se jèn fi 25 kan yo kidnape mèkredi 16 desanm lan, kidnapè yo mande 150 mil dola pou libere l.
-Endividi rantre nan night club tropicana vandredi 11 pou louvri 12 desanm pase a, epi pote ale enstriman djaz la.
-Ayiti gen yon nouvo anbasad nan peyi Maròk.
-Anbasadè peyi GrandBretay ak Sendomeng remèt lendi 14 desanm lan lèt kreyans yo bay prezidan Jovenel Moïse.
-6 etidyan ayisyen kite peyi a mèkredi 16 desanm lan kote yo prale Roumani nan kad bous detid gouvènman peyi sa ba yo.
-Samdi 12 desanm lan, MTV prezante manb ki fè pati kowòdinasyon rejyonal ak kominal pati sa.
-Jorchemy Jean-Baptiste ak Pascal Adrien lanse 13 desanm pase a mouvement national pour la transparence.
-Mouvman En Avant ke Jerry Tardieu mete sou pye, lanse aktivite l 13 desanm pase a nan vil Okay.
-Eric Jean-Baptiste inogire yon green Gym nan komin Paillant.
-Jovenel Moïse te fè plizyè vizit nan gran nò a, weekend pase a, epi pwofite gade eta avansman kèk travay pandan l te tou inogire yon ponp solè.
-Renald Luberice pa pataje opinyon Core Group la ki pote kritik sou 2 dènye dekrè Jovenel Moïse yo konsènan ANI.
-FAES distribiye 5 mil kit alimantè wikenn pase a, nan depatman lwès, latibonit ak nòdwès.
-Minis kilti a Pradel Henriquez te vizite prizonye nan penitansye nasyonal yo dimanch 13 desanm ki sot pase a.
-Delimart Tijo a ouvri pòt li madi 15 desanm pase a.
-Doktè Paul Farmer, kofondatè Zanmi lasante resevwa pri Berggruen 2020 an.
Entènasyonal
-Emmanuel Macron gen kowona selon sa palè l’élysée kominike.
-Kolèj elektoral ameriken an konfime lendi 14 desanm lan viktwa Joe Biden nan eleksyon prezidansyèl ameriken an.
-Magazin Times sakre Joe Biden ak Kamala Harris kòm pèsonalite pou ane 2020 an.
Kilti
-Cardi B fè mennaj li kado yon lanmbògini Aventador SVJ pou 29è anivèsè l.
-ENARTS òganize vandredi 11 desanm lan yon fwa ki pote non « oser être soi-même », pou pèmèt piblik la dekouvri potansyalite ki kache anndan lekòl sa.
Espò
-FIFA nonmen yon komite nòmalizasyon nan tèt federasyon ayisyèn foutbòl la kote manda komite sa ap bout 30 novanm 2022.
-Tribinal nan peyi Ajantin mande pou kò Diego Maradona rete konsève pou koze tès patènite.