Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ayiti : Rezime aktyalite yo soti 30 novanm pou rive 4 desanm 2020

Ayiti : Esansyèl aktyalite yo soti 22 pou rive 27 novanb 2020

Sosyopolitik

-Nan yon dekrè Jovenel Moïse soti, li prevwa 50 tan prizon ak 2 jiska 200 milyon goud pou moun k ap fè kidnapin, mete barikad, detwi byen moun, pote zam ilegal, ki se enfraksyon pou sekirite piblik la, daprè dekrè prezidan an.

-Manda gouvènman tranzisyon an ap kòmanse 7 fevriye 2021 pou bout an 2023, selon manb opozisyon an ki prevwa enstale yon jij.

-Medsen Hans David Télemaque te kidnape 28 novanm pase a epi ta pral libere nan 29 apre kidnapè yo te fin mande 50 mil dola ameriken ak 200 mil dola ayisyen.

-Zòn Kanapevè, Lali, Bwavèna, Boudon, te bloke lendi 30 novanm lan aprè ke nèg ak zam te fin kidnape yon chofè ak 2 elèv lekòl.

-2 jou depi fanmi l pa t gen nouvèl li, ansyen minis kominikasyon Guyler C Delva yo te retwouve l madi 1e desanm lan nan yon chanm otèl nan PV kote yo te jwenn li prèske enkonsyan epi fon aksidan kadyovaskilè ki ta pral paralize yon pati nan kò l.

-#2 chèf gang Vilaj de Dye a, Adisson Maf jwenn arestasyon l nan peyi Sendomeng, samdi 28 oktòb la.

-Lapolis PV arete 3 prezime bandi epi rekipere yon zam ki se pwopriyete PNH la.

-Minis afè etranjè a, Claude Joseph toujou an vizit nan peyi Sendomeng depi 29 novanm pase a kote l ap rankontre prezidan dominiken an ak minis afè etranjè dominiken an.

-28 novanm pase a fè 3 mwa depi Montferrier Dorval te mouri asasine, nan sikonstans sa, plizyè avoka te f on sitin dat sa pou kontinye mande jistis pou batonye a.

-Delimart Tijo a ap louvri pòt li 15 desanm k ap vini la, daprè sa pwopriyetè l, doktè Reginald Boulos anonse.

Entènasyonal

-Yon pwokirè nan Sendomeng akize frè ansyen prezidan Danilo Medina ki ta rafle 4 milya peso nan kontra piblik pandan Medina t ap dirije peyi Sendomeng.

-Biden nome 7 nouvo manb nan kabinèl. 7 nouvo manb sa yo tout se fanm, pami yo Karine Jean Pierre ki se yon amerikèm dorijin ayisyèn k ap gen pou jwe wòl atache de près prensipal adjwent.

Kilti

-Salon Dahome ap fèt 13 desanm nan restoran Yanvalou, selon eksplikasyon Darline Honoré.

-Atizana an fèt se pou 5 ak 6 desanm, nan Tara’s.

-Festival grafiti lanse 3 desanm lan pou bout 13 desanm lan, kote tout aktivite yo ap fèt nan inivèsite Kiskeya.

-Atis Blondedy Ferdinand anonse li divòse ak mari l.

Spò

-Akayè FC kalifye pou demi final lig dè chanpyon Concacaf. Yo te bat Forge FC nan tiwobi ki se yon ekip nan peyi Kanada.

Dekouvri plis:

Ayiti : Rezime aktyalite yo soti 22 pou rive 27 novanm 2020

Plus de contenu

Actualités

Ne ratez aucune info, Retrouvez toutes les informations et l’essentiel de l’actualité Haïtienne tous les jours sur Juno7 Panama : 16 Haïtiens périssent dans...

Actualités

Ne ratez aucune info, Retrouvez toutes les informations et l’essentiel de l’actualité Haïtienne tous les jours sur Juno7 Jocelerme Privert et Salim Succar sanctionnés...

Actualités

Ne ratez aucune info, retrouvez toutes les informations et l’essentiel de l’actualité Haïtienne tous les jours sur Juno7 Le SDP demande au PM Ariel...

Actualités

Ne ratez aucune info, retrouvez toutes les informations et l’essentiel de l’actualité Haïtienne tous les jours sur Juno7 Cayes: arrestation d’un médecin accusé d’assassinat,...