Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Ban m a ba w”, yon pratik ki mete anpil fanm nan reziyasyon pou kouche ak gason

"Ban m a ba w", yon pratik ki mete anpil fanm nan reziyasyon pou kouche ak gason

Koze ban m a ba w sa ke souvan nou tradui pa bò isit “Give to give” se yon fenomèn kote si moun lan ba w tèl bagay oubyen fè demach pou ou pou w jwenn tèl bagay ou dwe rann li resipwosite a tou. Se nan sans sa anpil gason sèvi ak li pou kouche fanm ki nan difikilte, fanm ki pa ka fè rezistans malgre mizè lavi kote pou nèg sa yo bay yon fanm yon bagay fòk yo pyafe sou kawo tè l.

Ban m a ba w sinon medam yo chire

Anpil nèg toujou di “piga w vin pran san bay”, yon fason pou alète medam yo ke bagay la se ban m a ba w, yon bagay ki toujou fòse Josette kouche ak majorite nèg sou katye l pou l arive jwenn lajan pou l okipe yon pitit gason 6 zan ke l genyen ki san papa

“Mwen menm pou m byen di w se pa kouche m ta kouche ak de seri de jèn gason sou katye a men grangou pa dous pou mwen epi l pa dous pou ti gason m lan ki vin oblije m prèske chak tan ale griyen bòbòt mwen bay yon vagabon pou yon 500, mil oubyen 2 mil goud pou m touye vè nan vant mwen, peye sòl epi fè komès pen ak manba sa w ap gade la”, deklare Josette ak yon vizaj tris.

Gen nèg ki ale jwe sou bote fanm, sou jan fanm lan byen kanpe, li gen “free night” li sou li, si modèl medam sa yo pèdi “je crois en Dieu” yo y al mande mòd nèg sa yo yon bagay, kategori medam sa yo g on sèl bagay pou yo fè se bay goute chat la toujou nan menm ide ban m a ba w la.

“Patizan lè w chita epi ou wè yon fanm gwo bouda, byen kanpe, pa mande si l jòn epi l parèt devan w li mande 5 mil oubyen 10 mil goud ou panse li fin takse w kòb sa epi w p ap manje vyann li eben ou s on mawozo, ou deside fè gwo depans sa nan tan di sa pou yon fanm anfòm konsa epi w pa manje, zanj nan syèl yo ta dwe kale gason sa lè l mouri wi”, deklare sou yon ton iwonik Serge k ap travay nan yon bwat Leta nan kapital la.

Stacy ke n te rankontre sou Tijo fè konnen se pa tout fanm ki gen entansyon ale takse gason oubyen kale tèt gason, li di dèfwa yon fanm ki ale mande yon nèg ki pa mari l se paske li bare, li pa gen moun, li bezwen regle yon bagay. Li pran egzanp sou li ki konn gen pwoblèm ijan epi l tcheke yon gason, nèg sa mande l ouvri janm li sinon ryen, lè sa l oblije koube

“Se pa tout fanm k al kouche ak gason pou yon bagay pou yo rele bouzen gade poukisa tou li fè l. Se pa tout fanm tou ki mande yon moun epi pou gason an getan panse nou bezwen kale tèt li. Mwen menm m konn oblije kouche ak yon malandren paske m bezwen jere yon ijans epi l di m se ti po devan m pou m bay avan”.

Gen fanm ki mete nèg nan pozisyon pou aji konsa

Dèfwa gen nèg ki bay fanm san l pa oze mande fanm sa anyen an retou. Men nèg sa yo deklare souvan lè yo fè sa gen medam ki pran yo pou mawozo, genyen ki di y ap kale tèt egare a ki vin fè yo chanje konpòtman fas ak modèl fanm ki konpòte yo tankou piyajè ki tou fè lòt kategori fanm ki nan difikilte peye po kase a tou

Jounalis kijan w konprann yon fanm parèt sou ou prèske chak 8, 15 jou epi li takse w akoz li gen pwoblèm epi sa touche w ou ba l yon lajan ki pa deranje w vrèman epi menm fanm sa ap mache di w se marozo paske w pa taye l ou pa ba l kòk, eben mwen oblije vin chanje depi yon fanm mande m se pa madanm mwen ou ye, fanmi m, timoun, sè m eben m pa kache w jounalis la m ap taye fanm sa paske se sa li ka ofri m, se la m ka tire kòb mwen an pou l pa rele m mawozo”, daprè sa yon chofè moto ki baze kafou Ayewopò fè konnen.

Koze rele gason mawozo a paske yo pa kouche medam yo lè yo fin ba yo kòb Stéphanie pa kache gen fanm ki fè sa vre ki fè li menm vin viktim paske oparavan yon gason konn debloke l san l pa ba l bouboun lan kounya li pa konsa ankò

“WI se vre gen fanm ki trete nèg yo mawozo, egare. Mwen fè komès, dèfwa lè m bezwen ogmante komès la g on mesye marye mwen konnen ki gen ti mwayen epi m konn tcheke, li ban m dèfwa mil dola, li menm konn rive nan 3 mil san l pa janm mande m kouche paske m toujou eksplike l pwoblèm mwen. Eben vin rive yon lè li ap woule m, bagay yo vin pa menm jan an. Li menm di m yon fwa li pa tou piyay, li pa mawozo, eben mwen aranje m wi pou m jwenn kòb toujou nan men l”, eksplikasyon Stéphanie yon machann nan mache Taba.

Se pa tout fanm ki nan ban m a ba w la

Nan tout règ gen eksepsyon, gen fanm ki di yo pito mouri, pa regle sa pou yo regle a olye yo ta ale kouche ak yon nèg pou lajan, se ka Natacha ki p ap fè anyen men li gen 3 timoun, li pa ak papa pitit yo

“M pa di m pa ka kouche ak yon gason menm pa konsidere bouboun mwen se komès. M ka mande yon gason, men se si anvi m pou ou pou m aksepte kouche ak ou. M ta pito mouri pou m ta wè yon gason ap egzije m kouche ak li paske m mande l yon bagay”.

Sherly fè konnen li anòmal pou yon fanm lage bòbòt li aladriv paske li nan difikilte, li fè bòbòt la peye chaj la

“M pa wè tèt mwen k ap kouche ak yon gason paske li ban m yon bagay m te bezwen, se si volonte di m fè sa. E si djòl gason sa santi, li malad, paske m bezwen yon bagay m oblije kouche ak li. Poutèt sikonstans lavi m pa oblije vin tankou yon pwostitiye ap mache nan kapris gason pou ban m yon lajan fò bout anba m peye. Li anòmal pou medam yo redui tèt yo ak sa”.

Se pa tout gason ki enpoze ban m a ba w la

Si anpil nèg enpoze sa pou kouche yon fanm, li pa valab kay tout gason. Peter ki s on mesye marye di nou li konn bay fanm ki mande l men si l kouche fi sa se pa enpoze li enpoze l sa li koze ak fi a epi fi a dakò, toutfwa li rekonèt l ap fasil pou fanm nan dakò san w pa bezwen nan di l ban m a ba w

“Non m pa gen konpòtman sa. Lè m bay m panse se yon zèv charite m fè ak yon moun. M bay san atann anyen an retou. Men fò m di w m konn kwaze yon fi ki anfòm epi l mande m, m ba li epi m renmen l m pran nimewo l epi nou enjoy lè lide nou di nou san m pa bezwen enpoze l anyen pou mwen ki pa fè sans, ou parèt mawozo, bouwo gason”.

“Yon nèg parèy mwen k ap di fanm ban m a ba w s on enbesil, ti pantan, abizè, vagabon, k ap kraze prestans kominote maskilen an”, se konsa Joël yon koutiryè kalifye nèg parèy li ki gen konpòtman sa yo pandan l konyinye pou l di: ” Fanm lan mande w ou ka ba li se ba li, ou santi se kale li vin kale tèt ou mete l nan vrè plas li men pa nan kesyon pou m ba w lajan fò w ban m bobori a. Epi depi w merite bobori a fanm lan ap getan fè w santi sa depi w sou men w ou p ap menm bezwen enpoze l sa w ap manje alèz san w pa ofanse l nan enpoze l”.

Nèg kouri ak fanm nan koze bay travay oubyen fè rechèch travay pou medam yo tou

An Ayiti anpil moun p ap travay, genyen se nan degaje yo ye ak yon majorite k ap grate santi malgre yo gen pil diplòm. Koze chomaj la jwe pou seri de nèg ki egzije medam yo ba yo chat la pou rete nan travay la oubyen pou fè yo jwenn travay

“M sonje yon lè yon zanmi di m l ap tcheke yon travay pou mwen, jistan li vin fè m jwenn li vre san l pa t di m okenn egzijans. Men, pi devan zanmi sa koze ak mwen epi enpoze m, ki fè m te oblije kouche ak zanmi sa chak tan lide l di l paske sinon li t ap fè mèt travay la revoke m paske yo se 2 bon zanmi. Epi lè m wè se twòp m vin fè kòb m ale Sendomeng epi m ap travay nòmal. Koze sa se anpil kote li egziste an Ayiti men li difisil pou medam yo pale pou pa pèdi djòb yo paske Ayiti a difisil, travay se liks pou malere”, daprè eksplikasyon Martine ki twouve l nan peyi vwazen aktyèlman.

Prèske menm kad figi sa repete pou Nathalie, men selon sa l di li te kouche yon sèl fwa epi kite travay la

“Mwen depoze CV nan yon travay ke m chwazi pa site non an. Yo rele m sou 15 jou epi m jwenn ak direktè a, li di m menm bagay ou sot repete la ban m a ba w kòmkwa se devan m k ap kalifye m pou travay la men se pa konpetans mwen. Lè m reflechi m fini lekòl, m gen diplòm, m sou twa ane m ap ranse sou teren an, m pran travay la epi m kouche ak misye avan sa. M jwenn travay la, misye te vle pran m pou yon pastan, yon tou plezi, chak tan li ap mande m kouche epi fè m chantaj l ap revoke m. M konn joure l, li make m nan travay la epi m fè 1 nan, kounya m ap fè komès. Ayiti 80% patwon se aselè, se pa nou n ap pase anba men yo. Gen anpil jèn fi nou oblije fè komès, evite ale travay nan biwo paske mesye yo toujou bezwen fè chantaj, enpoze pou kouche nou”.

Fenomèn sa yo pa egziste kounya kote fanm lan oblije nan kouche pou yon fèy ipolit, yon pla espageti 100 goud, yon blenndè ji kole 125 goud pandan fanm sa pa pwostitiye men sikonstans lavi fè l oblije lage nan sa. Gen moun ki gen rezistans, gen lòt ki pa ka reziste twòp, genyen ki pa genyen l ditou ki vle di yo pa ka soufri epi pè soufri. Pou koze travay, se vre gason konn eseye monte gason pou ba yo travay pa bò isit men medam yo sibi plis paske patwon yo toujou ap presire medam yo, asele yo, ba yo presyon nan yon sèl objektif pou kouche yo pou yon travay, ki travay atò.

Vilnerabilite peyi a, ensousyans dirijan nou yo, Leta a ki pa prezan nan kotidyen chak grenn ayisyen, fè nou p ap viv tankou moun, nou nan enposibilite pou n jere ti bezwen primè yo epi fè tout vye bagay ki fè nou wont tèt nou dèfwa. Sa pa endiye nou yon fanm oblije kouche pou mil goud? Kouche pou yon plat diri ak lalo paske l grangou? Bay yon patwon pase sou li poutèt yon salè 15 mil goud? Kouche ak yon chofè moto pou woulib li pa gen kòb? Bagay yo anpil!

Non moun yo chanje nan atik la sou demann yo.

Dekouvri plis:

Le taux de référence de la BRH pour ce jeudi 24 décembre 2020

Plus de contenu