Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

BANDA

BANDA se yon espas kiltirèl kote enfòmasyon sou literati, kilti ak atizay lakay makònen. Se yon bichèt kote pwezi ak tout kalte lekriti atistik pral vannen chak jou la rèn solèy leve.

Atizay ak Pwezi kreyòl pral blayi pou fè pwomosyon pou lang manman nou ak kilti nou. Poutan, sa pa vle di lòt atizay ak lòt lang p ap  jwenn yon lasibab lakay BANDA, paske atizay se lonbraj, se santiman, se lanmou, kidonk nou dwe pataje l.

Tout aktivite kiltirèl ap jwenn pòtre yo afiche sou pòtay BANDA pou pèmèt vizitè yo konnen kote randevou kiltirèl yo kase.

BANDA swete w bon lekti epi byen banda sou pòtay li pandan  w ap kite yon kòmantè pou pèmèt li vanse sou chimen l vle trase.

[views]

Plus de contenu

Culture

Rèl pete pòt janbe lorizon pou rele Jezi tou blanch, peyi a tou blanch ! Jezi ! Jezi ! Jezi ! li pa vini...