Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Bandi asasine 3 moun nan Riyèl Brutus, zòn Kriswa epi Mèt Roberson Louis nan Dèlma 69

Bandi asasine 3 moun nan Riyèl Brutus, zòn Kriswa epi Mèt Roberson Louis nan Dèlma 69

Twa moun mouri, youn blese nan Riyèl Brutus. Yon avoka bawo Pòtoprens mouri asasinen nan Dèlma 69.

Samdi 7 Dawout la, nan mitan jounen an, plizyè moun arive pèdi lavi yo aprè nèg ak zam moun pa rive idantifye tire sou yo pandan yo sot labank.

Mèt Roberson Louis ki se avoka nan bawo Pòtoprens pèdi lavi l apre nèg sou moto tire sou li pandan l t ap soti labank, daprè enfòmasyon ki rive jwenn jounal la.

Roberson Louis t ap travay nan ONA kote li te fè pati sèvis jiridik enstitisyon an.

Nan menm jounen sa gen 3 lòt moun ki pèdi lavi yo nan Riyèl Brutus nan Akasya. Yo te nan yon machin yo sot fè yon tranzaksyon bankè lè nèg ak zam atake yo nan zòn lan. Gen yon moun tou ki arive blese grav pandan zak sila.

Nan 3 moun sa yo ki mouri a, 2 ladan yo se ajan sekirite yon antrepriz prive.

Zak sa yo ap montre pi plis jan kesyon ensekirite a ap vale teren epi jan nèg ak zam alèz pou pwodui zak san kè sote anba je otorite konsène yo ki gen pou misyon pwoteje lavi ak byen tout moun kap viv andedan peyi a.

Bandi asasine 3 moun nan Riyèl Brutus, zòn Kriswa epi Mèt Roberson Louis nan Dèlma 69

Dekouvri plis:

Ariel Henry lance le forum des anciens premiers ministres

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu