Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Bangladesh: Yon kout zeklè tiye 16 moun pandan yon maryaj

Bangladesh: Yon kout zeklè tiye 16 moun pandan yon maryaj

Pandan yon seremoni maryaj, yon kout zeklè tiye 16 moun nan peyi Bangladesh.

Otorite nan peyi Bangladesh enfòme ke gen 16 moun ki arive mouri maten mèkredi 4 out 2021 an, nan yon seremoni maryaj, apre yon kout zeklè.

Enfòmasyon sa releye pa plizyè medya etranje pami yo jounal kanadyen Lapresse. Daprè sa n li nan jounal kanadyen an, envite yo pou pwoteje tèt yo kont kout loray te desann bato yo te ye a epi  ale abrite yo tou prè fwontyè peyi End, se la tou kout zeklè a ta pral frape yo epi fè 16 viktim, daprè eksplikasyon administratè gouvènmanral vil Shibganj.

Selon enfòmasyon yo, madan marye a pa gen anyen men mesye marye a blese pandan kout zeklè a.

Chak ane yon santèn moun toujou mouri nan peyi Bangladesh akoz kout zeklè. Yon sitiyasyon ki bay anpil kè kase lè lapli ap tonbe.

Bangladesh: Yon kout zeklè tiye 16 moun pandan yon maryaj

En savoir plu:

4 Août 1913: convention signée entre l’Etat haïtien et l’Eglise catholique

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu