Pandan yon seremoni maryaj, yon kout zeklè tiye 16 moun nan peyi Bangladesh.
Otorite nan peyi Bangladesh enfòme ke gen 16 moun ki arive mouri maten mèkredi 4 out 2021 an, nan yon seremoni maryaj, apre yon kout zeklè.
Enfòmasyon sa releye pa plizyè medya etranje pami yo jounal kanadyen Lapresse. Daprè sa n li nan jounal kanadyen an, envite yo pou pwoteje tèt yo kont kout loray te desann bato yo te ye a epi ale abrite yo tou prè fwontyè peyi End, se la tou kout zeklè a ta pral frape yo epi fè 16 viktim, daprè eksplikasyon administratè gouvènmanral vil Shibganj.
Selon enfòmasyon yo, madan marye a pa gen anyen men mesye marye a blese pandan kout zeklè a.
Chak ane yon santèn moun toujou mouri nan peyi Bangladesh akoz kout zeklè. Yon sitiyasyon ki bay anpil kè kase lè lapli ap tonbe.