Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Bravo Sherly Jeudy, pa gad dèyè, kontinye vanse

Anpil moun konnen, yon lang se yon zouti ki pèmèt moun kominike pataje lapawoli youn ak lòt, kote youn dwe konprann lòt.

Ann Ayiti gen 2 lang ofisyèl, kreyòl ak franse pou sa ki pa t konnen yo oubyen ki pran pozisyon pa yo sou kesyon an. Pandan 2 lang sa yo ofisyèl, sa pa vle di tout moun pale tou 2 kòmsadwa. An reyalite tout moun pale kreyòl kise lang manman nou epi yon ti ponyen eseye mal kou mizè pale franse, sa ki lakòz gwo deba nan peyi a, espesyalman nan ledikasyon kote n ap aprann nan yon lang menm moun k ap aprann nou yo pa pale byen.

Lang franse nan peyi nou pa jis yon mwayen pou kominike, anpil moun nan klas entèlektyèl restavèk la ak boujwazi machann yo itilize l pou montre yo siperyè fas ak lòt moun kòmkwa yo se matadò sipèb paske yo vire lang yo 3 fwa nan lang kolon an.

Yo itilize l tou pou devalorize moun konsekan, fè moun yo kwè yo pa anyen epi mete gwo etikèt moun sòt sou yo, adye wi dan, pale franse nan peyi m vle di w boure konesans ala en !

Nou fè koub sa sou kesyon lang nan pou rive sou sa ki pase ayè sou rezo sosyal yo apre jenn fanm vanyan sa yo k ap jwe foutbòl nan seleksyon pi piti pase 20 tan fin bannou premye kalifikasyon nou nan koze mondyal fanm.

A wi ! peyi twou kaka a, twou malpwòpte a bat yon peyi devlope, santi bon ki gen tout estrikti yo, pou mennen nou nan mondyal.

Sherly Jeudy, timoun Leyogàn sou yon pas Nérilia fizye gadyen Kanada a ak yon gwo kout pat depi nan premye mitan. Apre sa tout ekip la konbat espesyalman gadyen an jouk match la bout. Premye fwa nan listwa konpetisyon an yon ekip Karayib la mete deyò youn nan peyi Amerik Nò yo, se premye fwa tou yon ekip fanm nan Karayib la nan kategori sa pral nan mondyal fanm.

Yon fwa ankò nou fè listwa. Poutan gen moun ki pa konprann sa olye yo onore jenn fanm sa yo, ba yo sa yo merite, yo pito ap pale fatra sou rezo sosyal yo poutèt nan ti pale jounalis fè ak Sherly Jeudy jwè ki make gòl viktwa, jenn fanm vanyan sa pata pale franse, lang ansyen kolon yo menm jan ak Macron. Kidonk, y ap lapide l pou sa.

Bon nou pa wont ! Apre kokennchenn eksplwa sa se fatra nou vin pale sou medam yo, nou sèmante se pou nou bay Trump rezon, men detwonpe nou gen moun toujou nan peyi a.

M ap fè nou konnen pale franse fè zizi dyòl pweti pa di lakonesans pa di ou konnen, ou panse w konnen poutan ou pa konn yon myèt. Kidonk, sispann sipòte lang kolon, sispann fè sousou blan franse nan chare yo sou tout fòm.

Fòk deba sa bout nan peyi a, kòmkidire depi w pa pale franse se kòmsi w pa t al lekòl, se kòmsi w pa vo anyen. Okenn lang pa dwe zouti pou demounize, pou vegle je pou domine.

Se pou dirijan nou yo koumanse pale kreyòl lè yo deplase al reprezante nou lòt bò dlo, paske si se nou pitit sòyèt y al reprezante fòk yo konnen nou pa pale franse, konsa y ap pale lang manman nou. Fòk yo bay kreyòl la jarèt nan Nasyonzini nan Karikòn elatriye, fòk yo sispann chare kolon yo nan fòse pale ak sanble ak yo.

Ochan pou Sherly ! Ochan pou Nérilia! Ochan pou seleksyon fanm pi piti pase 20 lane an gras ak nou twou kaka make yon pwen nan figi loksidan ankò. E nan mondyal la grenadye alaso n ap fè yo konnen se kreyòl nou ye.

ZO Mangay Vanyan

[views]

Plus de contenu

Nécrologie

Mort subite d’Alezy Olnick, footballeur de l’Arcahaie FC, lors d’un match de football entre amis. Alezy Olnick surnommé “Fabregas” est mort subitement le mercredi...

Sports

Melchie Dumornay fait partie du onze type des meilleures jeunes joueuses U20 de l’IFFHS 2023. L’attaquante haïtienne Melchie Daelle Dumornay figure dans le onze...

Sports

Football: Ramon Menezes est nommé entraîneur par intérim de la sélection brésilienne pour le prochain match amical de la Seleçao contre le Maroc. La...

Sports

Le monde du football et de la classe politique réagissent après le décès de Edson Arantes do Nascimento dit Pelé. La légende brésilienne Pelé...