Connect with us

Hi, what are you looking for?

Divertissement

Brijit ak Bawon Samdi pran lari

Brijit ak Bawon Samdi
pran lari
jou dèy pran ri
kadav kò nan chimen ale pa tounen ap souri.

Ouvè janm ou madanm !
mete piman anba nigrit ou
brase ren w pou azipopo malpouwont ki tounen tchoul blan nan espektak chawa sou do pèp.

Pa enkyete w pou zòrèy pòslèn
Konnen yo byen konnen ak bwa piman
Pou chalè boule branch pwèl.

Gede Nibo gouye gouye gouye gouye jouk lavi a gwòs pou l akouche yon pòte marasa dosou dosa
konsa sò bèbè ap manje mayi griye.

ZO Mangay

bon Gede!

 

[views]

Plus de contenu