Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

BSA mande Fritz A. Jean resezi l aprè 2 moun ki te akonpaye l avèk gwo zam pou li t al enskri

BSA mande Fritz A.Jean resezi l aprè 2 moun ki te akonpaye l avèk gwo zam pou li t al enskri
Photo tirée de Google

Biwo Swivi Akò 30 dawout la mande Fritz Alphonse Jean resezi l aprè 2 moun ki te akonpaye l avèk gwo zam pou li t al depoze pyès li nan sekretarya BSA.

Fritz Alphonse Jean te ale fè depo pyès li yè lendi 17 janvye 2022 a, nan lokal Biwo Swivi Akò 30 Dawout la. Sa ki retni atansyon anpil moun se imaj k ap sikile ki montre 2 moun ki te akonpaye kandida a te pote zam mitrayèt nan moman an. Yon aksyon manm BSA yo pa apiye epi mande ak Fritz Alphonse Jean pou resezi l.

Nan yon nòt ki siyen pa 7 manm biwo kowòdinasyon BSA a, koumanse ak nòt sila pou di yo choke anpil fas ak imaj sa yo k ap sikile a. Nòt la endike imaj sa pa koresponn ak pwojè, prensip, valè ak etik Akò 30 dawout ap fè pwomosyon pou yo a.

Pi lwen, nòt la di konpòtman sa inakseptab epi fè konnen manm BSA yo kondane l ak tout fòs yo. Pandan yo fè konnen tranzisyon y ap chache a se yon tranzisyon ki dwe retire lakay moun laperèz men pito ede moun yo jwenn serenite ak remete yo an konfyans.

Nan sans sa, yo mande kandida a resezi l epi mande l pran dispozisyon pou bagay sa pa repwodui. Pandan yo tou pwofite mete an gad lòt kandida ki ta gen ide gen menm konpòtman Fritz Alphonse Jean an epi mande yo voye bon siyal.

N ap raple Komisè gouvènman Pòtoprens lan Jacques Lafontant mande ak DCPJ pou chèche idantite 2 endividi ki te akonpaye Fritz Alphonse Jean ak zam sa yo epi mennen dosye yo nan pakè pou swit legal yo.

BSA mande Fritz A.Jean resezi l aprè 2 moun ki te akonpaye l avèk gwo zam pou li t al enskri

Photo tirée de Google

Dekouvri plis:

Découvrez les résultats de ce 17 janvier 2022 en NBA dont la victoire des Lakers de LeBron James

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Fanmi Lavalas et le BSA exigent un délai de 72h avant la tenue de l’élection. La première rencontre de travail de ce samedi 23...

Politique

Signature de l’accord du 21 décembre 2022 : le BSA dénonce plusieurs dizaines de personnalités dont Charles Tardieu. À travers une note rendue publique...

Politique

La BSA opte pour l’assistance technique et logistique à l’Etat haïtien pour le renforcement de la Police nationale et se dit contre une nouvelle...

Actualités

Biwo Akò Montana a anonse li an konsiltasyon ak biwo avoka l pou depoze yon plent fòmèl kont gouvènman Ariel Henry a ki mande...