Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

CARDH di Mouvman « Bwa Kale » a kontribye nan bese kidnapin yo an Ayiti soti fen avril pou rive kòmansman me 2023

CARDH di Mouvman « Bwa Kale » a kontribye nan bese kidnapin yo an Ayiti soti fen avril pou rive kòmansman me 2023

Mouvman « Bwa Kale » a patisipe nan bese ka kidnapin yo nan peyi Ayiti soti fen avril pou rive kòmansman me 2023, dapre « Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme » (CARDH).

Depi anviwon 2 semèn, kantite ka kidnapin yo sinyale ki fèt an Ayiti patikilyèman nan depatman Lwès la diminye. Direktè egzekitif « Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme » (CARDH), Gédéon Jean, konfime bès sila gen rapò ak mouvman « Bwa Kale » ki tanmen sou tèritwa nasyonal la depi fen avril pase a.

Nan yon entèvyou li bay Juno7 jounen vandredi 5 me a, direktè egzekitif CARDH la – yon òganizasyon ki abitye fè monitoring epi pibliye enfòmasyon sou zafè kidnapin anndan peyi a – konfime fenomèn sila bese depi fen avril rive kòmansman me 2023.

« Fenomèn Bwa kale a enfliyanse bès ka kidnapin yo. Nou obsève pou mwa avril la ak kòmansman mwa me gen yon bès konsiderab ki fèt sou kesyon kidnapin nan. Sa parèt lojik, sa parèt nòmal paske gen yon aks kidnapin – Laboule, Tabarre ak gang Ti Makak la – ki detui pwovizwaman. Lè ou pran Village-de-Dieu ak Granravin – kote yo vin sere otaj yo –, ak fenomèn « Bwa Kale », santiman laperèz la vin chanje kan. Bandi yo rete nan fyèf yo paske gen anpil nan yo ki mouri. Lè ou pran gang Ti Makak la, gen anviwon 100 prezime bandi ki mouri, dapre monitoring nou fè », Gédéon Jean eksplike.

Defansè dwa moun nan ki pat an mezi pou l pa bay chif ki eksplike diminisyon ka kidnapin yo raple CARDH pwodui bilten sou fenomèn sa chak 3 mwa. Nan dènye rapò a ki konsène mwa janvye, fevriye ak mas 2023, òganizasyon dwa moun sila di li anrejistre 389 ka kidnapin an Ayiti, pami yo 29 resòtisan etranje. Òganizasyon an te soulinye fenomèn nan ogmante nan peryòd sa akoz plizyè rezon, ladan yo lòt tèritwa ki antre nan biznis sa ak alyans ki fèt ant plizyè gang.

Pa egzanp, alyans ant anwo Bèlè – ki sou kontwòl chèf gang « Kempes » – ak Village-de-Dieu epi Grand-Ravine te lakoz anpil kidnapin nan zòn tankou Bois-Verna, Pétion-ville, Delmas, Turgeau, Me Gédéon Jean site tankou chef gang Kampes ki te bezwen itilize koulwa Delma 24 an pasan pa Solino men ki echwe nan nan tantativ li a gras ak vijilans abitan Solino yo.

Mouvman « Bwa Kale » a tanmen fen mwa avril pase a apre plizyè abitan nan katye Kanapevè te fin touye epi boule yon dizèn prezime bandi. Mouvman sa pran nan plizyè kwen nan Pòtoprens tankou Debussy, Petyonvil ak lòt vil pwovens nan objektif pou anpeche bandi vin tabli baz yo epi komèt move zak. Pa gen yon bilan ki egzat ki disponib men chif yo bay plizyè dizèn « prezime » bandi popilasyon an touye epi boule kadav yo.

Si popilasyon an ak kèk polisye pote sipò yo bay mouvman, plizyè otorite ki reyaji sou mouvman sa tankou Premye minis Ariel Henry ak minis jistis pou yon ti bout Émmelie Prophète Milcé montre yo kont demach sila. Yo mande pou popilasyon remèt bandi epi zam yo rekipere bay bay lapolis.

En savoir plus:

L’équipe Service Socio-Sanitaires annonce le premier sommet des maladies chroniques en Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

La rapporteuse spéciale sur la situation des défenseurs des droits humains, Mary Lawlor exprime son inquiétude de la suspension provisoire du Centre d’Analyse et...

Actualités

L’OPC et l’Ensemble Contre la Corruption déplorent la suspension provisoire des activités du Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme. À travers...

Actualités

Le Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme (CARDH) annonce la suspension provisoire de ses activités, en raison du danger qui menace...

Actualités

La Cellule d’Observation de la Criminalité du Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme a rencensé 362 cas d’enlèvements pour le troisième...