Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Coupe du monde 2018: Jean Renel Sénatus se dit révolter par le comportement irresponsable de ses pairs

Fustigé par l’attitude irresponsable de ses collègues sénateurs qui, depuis le début de la coupe du monde ne mettent plus les pieds à la salle des séances du grand corps pour statuer sur les lois en souffrance dans les tiroirs du sénat de la république, le sénateur de l’ouest, Jean Renel Sénatus a pris l’initiative d’écrire aux pères conscrits. Il entend ainsi fouetter leur conscience en leur rappelant la mission pour laquelle ils ont été mandatés par le peuple.

Dans cette lettre, il dénonce le comportement infantile et irresponsable de ses collègues qui selon lui, se laissent emporter par la fièvre du mondial a lorsque le pays a des besoins plus urgents qui ne peuvent attendre.

Lisez ci-après la lettre ouverte de Jean Renel Sénatus adressée aux honorables sénateurs.


Pòtoprens, 28 jen 2018

Lèt tou louvri pou prezidan Sena
ak KOLÈG SENATÈ- ÈZ
Nan biwo yo.

KOLÈG mwen yo, nou mechan anpil!

Mwen goumen ak tèt mwen anpil anvan mwen ekri nou lèt sa a paske m se yon Eli menm jan ak nou, granmoun paka pansel ap rale zòrèy granmoun. Sa fèm mal anpil lè map konstate kòman peyi sa ap soufri e jan nou ap konpòte nou kòm dirijan manfouben, ki te mele n’ Tout voum se do.

Li pa nomal pou se de twa grenn nan nou kap vini chak jou nan sena a pou granmesi epi tounen lakay nou san nou pa fè anyen pou peyi a. Aloske moun ki pa janm vini travay yo, se yo kap gaga pep saaa nan pale fò nan radyo pou fe konnen yo renmen pep!

Mwen panse si nou te vle, nou te ka travay pou nou pote byen wo tit onorab yo bannou an. Mpanse nou jwe ak bel tit saaa.

KOLÈG, zam ilegal ap touye moun tout kote nan peyi a, Mpanse gen yon pwoch nou chak yo atake déjà. Zam ilegal kontinye ap mete dlo Nan je anpil fanmi nan peyi a, zam fe moun pè envesti nan antrepriz, si nou ta vote lwa sou zam kap flannen nan peyi a, nou tap pwoteje tèt nou, fanmi nou, patizan nou ak peyi nou.

Si nou ta vote lwa sou ankadreman profesè yo, nou tap ede sosyete saa gen yon lot klas sitwayen ki pap kasèd ponyèt, nou tap itil peyi a ….

Si nou ta vote lwa sou « institut médico légal »la, nou tap ede jistis peyi a nan chache prèv pou, moun patap kondane Nan do La lwa, nou tap ede tèt nou ak patizan nou.

KOLÈG si nou ta vote lwa Sou ijans medikal, ak lwa sou kouvèti inivèsèl sante a mwen panse nou tap itil tèt nou, fanmi nou, patizan nou ak peyi nou.

KOLÈG si nou ta vote lwa sou asistans légal la nou tap pwoteje tèt nou, fanmi nou, patizan nou ak peyi nou.

KOLÈG Sinou ta vote kòd fanmi an, kòd penal la, ak lwa sou pwoteksyon temwen yo, ak lwa sou « bail à usage professionnel » la, m panse ki tap bon pou fanmi nou, patizan nou ak peyi nou. Etc…

KOLÈG, kòmsi peyi a peye nou chak mwa, ba nou privilej ki atache ak fonksyon nou, epi pou nou fè sa nap fè la a? Menm 16 senatè nou pa ka jwenn sou 29 pou nou eseye vote yon ti lwa pou peyi a sou preteks gen koup di monn?

Kòmsi mesye dam Senatè, pou nou pa jennen pou nou kite « coupe du monde » lan kraze peyi a nèt nan men nou aloske se nou ki la pou kontwole? Men kiyes ki kontwole nou ?

Nou pat konn vin travay chak jou se vre, men nou te konn fe yon ti jefò. Men kounya nou lage tren an nèt wi!

Gen moun ki mande sise konsa nou mechan woy eskizem onorab, yap mande èske se konsa nou pa gen konsyans? Komkwa si se konsa nou pa renmen peyi a ? Bon yo te konn dim politisyen pa renmen peyi a mpat janm vle kwè sa.

Gen moun ki panse fòk PALMAN koupyon sa a, ki pap itil peyi a anyen an, ta kraze. Èske yo pa gen rezon ? Genyen ki di nou se kriminèl, nou ensansib twòp, Èske yo pa gen rezon? Gen moun ki di se tèt nou sèlman nou wè hmmmm.

Genyen ki menm di lajan pèp sa a nap manje mal la se bon lajan maladi nap manje paske nou pa fè anyen poun manje lajan PÒV malere yo.
Nou se Gwo politisyen. Nou bon anpil. Nou konn fè politik vre ! Viv fanmi nou, kè kontan nou, ak zafè pèsonèl nou. Sa vle di nap fè yon mwa nan foutbòl san vote yon grenn lwa nan Sena a? Bay peyi a omwen yon chans non!

Alòs, nou nan « coupe du monde » menm komisyon yo paka fonksyone pandan vòl, koripsyon ak malvèsasyon ap manje leta a?

Mwen konnen nou pral di map bat poum pase pou pi bon, non ! Non ! Mpa pi bon paske mwen nan mitan nou e nou se KOLÈG. Selman, mwen renmen travay pou lajan map resevwa pou bay pitit Mwen manje.

Nan yon peyi kote pifò pitit li nan mizè nwa, nan mal site, pa bliye nou se 29 senatè Sou 15 milyon moun, sa vle di se yon gwo privilèj.

Pandan map ankouraje kèk grenn ki toujou vin travay yo, mwen panse lot ki pa janm vini yo ta dwe pran yon ti konsyans paske peyi a pa mechan anvè nou.

Mpa konn pou lot KOLEG ki toujou fe Efo pou la yo, mwen menm mwen fristre, mrevolte.

Mezanmi, yon tikal konsyans …..

Mèt Jean Renel SENATUS, Av, MA
Senatè Depatman Lwès la

[views]

Plus de contenu

Actualités

La BRH a représenté Haïti à la 68e Conférence sur les Femmes à l’ONU en mettant en avant le succès du programme “Booster PME”...

Actualités

Le docteur Louis Gérald Gilles sera le représentant des signataires de l’accord du 21 décembre au sein du Conseil présidentiel Finalement, une entente a...

Actualités

L’UNICEF juge que le chaos dans le pays ressemble à une scène de «Mad Max» Le chaos en Haïti continue d’alerter la communauté internationale....

Monde

Le président russe Vladimir Poutine a été réélu sans surprise à la tête de la Russie Une large victoire peu surprenante. Vladimir Poutine a...